Toto tradiktè
Toto ak frè l ti Jorèl ki pral enskri nan yon lekòl, lè yo rive devan baryè a, ti Jorèl ale pou l antre, Toto rale l, li di l ou frekan, ou sou moun, ou pa konpran franse, voye je anlè a, ou pa wè sa yo ekri nan pankat baryè a :
“PAS DE FRAIS Á L’ENTRÉE”, ki vle di: “Piga de frèantre”, Kidonk m pi entèlijan m ap rantre avan ou, rete devan baryè a, lè m fini enskri ou a rantre pou al enskri, nèg sòt.
Yon fanatik
Kisa sa vle di ?
Vwala se yon pè ki te granmoun anpil. Li pa t kapab pale anpil. Yon jou li di fidèl yo se ak siy li pral preche yo. Yon mouche vin parèt. Pè a lonje yon dwèt, mouche lonje de (2) dwèt. Pè a lonje twa dwèt, mouche lonje pwen li. Pè a rale yon pòm nan pòch li, mouche rale yon pen nan sak li.
Pita, kèk fidèl mande mouche a, kisa siy sa yo vle di. Mouche reponn : Pè a di l ap foure yon dwèt nan grenn je m. Mwen di l m ap foure de (2) nan pa l la. Li di l ap foure twa dwèt nan je m. Mwen di m ap frenk li yon kout pwen. Pè a vle montre m jan li konn manje pòm. Mwen montre l mwen menm m konn manje pen.
Fidèl yo pa kwè. Y al mande pè a sa l te vle di a. Pè a menm di yo : Mwen montre yon dwèt, sa vle di yon pèsòn. Li montre m de (2)dwèt, sa vle di yon dezyèm pèsòn. Mwen montre l twa (3) dwèt, sa vle di twazyèm pèsòn. Li montre m yon pwen, sa vle di touletwa pèsòn sa yo fè yon sèl : Bondye, Jezikri ak Lespri a. Mwen rale yon pòm nan pòch mwen, sa vle di se nan yon pòm konsa nou te prèt pou pèdi. Li rale yon pen nan pòch li, sa vle di se pen an, Jezikri, ki sove nou. Yo tout reponn : Se sa menm.
Se yon kote m t ap pase, yo ban m yon ti kout pye, mwen vin bay koze sa a.
Joslen Kazimi, Okap