Avangou mwa mas

Nou rive nan mwa Mas, twazyèm mwa nan ane 2019 la. Lè kalandriye women an te kòmanse, se Mas la ki te premye mwa nan ane a. Tan livè, tan fredi ak lanèj fini, prentan mete pye, vin gen bon tan pou yo retounen nan lagè. Nan tan n ap viv jounen jodiya, nou selebre chak 8 Mas batay fanm yo pou rekonèt tout dwa yo genyen, batay kont diskriminsasyon ak esklizyon; chak 21 mas tou nou pran tan pou reflechi, pou nou pran konsyans sou batay k ap fèt kont tout fòm diskriminasyon, rasis, ki gen nan mond nan. Se pou sa nan edisyon sa a, nou vle fè yon ti pale sou pwoblèm rasis la.

Prejije oswa konpòtman rasis yo kreye anpil pwoblèm nan relasyon ki genyen ant moun, gwoup moun epi ant nasyon. N ap viv nan yon epòk yo rele mondyalizasyon ki vin kreye yon sèten resanblans nan fason n ap viv nan mond nan ki tounen yon ti vilaj global. Li kreye yon entèdepandans nan nivo politik, ekonomik ak sosyal. Men poutan, diferans yo vin pi plis, vyolans etnik yo ap ogmante, diskriminasyon, rasis, entolerans kontinye ap fè raj. Depi nan lane 1952, Klod Levistwòs (Claude Levi-Strauss), yon espesyalis nan zafè etnoloji ki te manm akademi Fransèz, te fè nou konprann « sanble lèzòm pa janm pran diferans kiltirèl yo pou sa yo ye toutbon vre, tankou yon fenomèn natirèl, ki se rezilta relasyon ant sosyete yo. Sa yo sitou wè nan diferans yo se yon eskandal, yon bagay anòmal ». Nan Konpòtman lèzòm afiche, yo rejte tout fòm kilti ki diferan, ki pa sanble ak sa yo abitye. Se konsa yo te rele baba, tout pratik ki pa t fè pati kilti greko-women an. Apre sa, mond oksidantal la te vin itilize mo sovaj la pou
kalifye kilti lòt pèp yo poko te konnen yo.

Fenomèn rasis la pran nesans nan lespri yon moun, men li vin chita kò l, lè lide ak pratik rasis yo antre nan koutim ak tradisyon yo, lè yo rantre nan estrikti legal enstitisyon yo nan sosyete a. Se konsa nou jwenn anpil moun ki pa aksepte moun ki diferan, gwoup moun ak pèp ki diferan nan koulè yo, nan langaj yo, nan kilti yo. Sa yo vin lakoz yo pa ba yo valè yo merite kòm moun, yo meprize yo, yo mete yo sou kote paske yo konsidere yo enferyè. Tout bagay sa yo vin lakoz rayisans kont yon pati ras, kont jwif, kont etranje, epi yon pratik kilti pa m pi bon, esklavaj, elatriye.

Pwoblèm rasis la rive kreye anndan yon menm peyi, opozisyon, gwoup etnik, gwoup minoritè, ki vin bay sa yo rele rasis sosyal, lè pa egzanp yo san konsiderasyon pou diyite ak dwa yon gwoup moun genyen. Lè yo konsidere peyizan yo enferyè, lè yo pran tè yo, lè yo esplwate yo, yo fè y ap viv nan periferi ekonomik ak sosyal. Fòm diskriminasyon sa yo prezan nan peyi nou Ayiti. Yo lakòz yon gwoup moun konprann se yo sèl ki gen dwa pou jwi richès peyi a. Lè otorite politik ak ekonomik yo meprize peyizan yo, pèp k ap viv nan geto yo, dwa fanm yo, se lapè yo mete an danje epi se meprize yo meprize prensip fondamantal tout sosyete politik ki se ‘byen ki pou tout moun nan’.

Legliz la toujou montre sansiblite l devan konpòtman diskriminatwa yo, paske mesaj li resevwa nan revelasyon biblik la afime byen klè nou dwe respekte diyite chak grenn moun k ap viv sou latè, paske se Bondye ki kreye nou tout dapre imaj li. Nou tout nou genyen menm nati, menm orijìn. Nan Doktrin soyal li, Legliz la anonse egalite fondamantal tout moun. Nou se pitit yon sèl Papa, kèlkeswa koulè, kèlkeswa kondisyon, kèlkeswa kote nou soti, se sa ki fè nou kapab di nou se frè ak sè. Se prensip sa a ki fè nou konprann nou gen menm diyite e nou kapab defann li nan tout nivo : filozofik, moral ak relijye.

Sou baz sa a, Jounal Bon Nouvèl ap envite nou sispann diskriminasyon nan peyi nou, zafè moun andeyò moun lavil, zafè nèg anwo nèg anba. Nèg ak nègès d Ayiti, moman an rive pou nou aksepte desten nou kòm yon sèl pèp k ap chèche viv ak diyite, tankou frè ak sè yon menm peyi, yon menm Bondye Papa ki kreye nou. An nou fè lapè antre nou, an nou kenbe men yonn lòt pou nou mache ansanm nan direksyon yon devlopman entegral epi dirab.

Pè Gari Basyen, CICM
Dirèk 6

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *