Avangou mwa me

Mwa Me 2019 rive nan yon kontèks kote pèp ayisyen an ap viv ak anpil krent sou avni li. Se yonn nan pi bèl mwa nan ane a, epi gen anpil bagay pou nou ta selebre ladan l. Jounen entènasyonal travay ak agrikilti, Jounen entènasyonal kominikasyon sosyal yo, fèt drapo a ak inivèsite, fèt manman, elatriye. Men Jodiya mwen ta renmen fè yon ti pale sou Fanmi paske nou selebre nan mwa Me a tou Jounen entènasyonal fanmi.

Mwen rete kwè, lè yon peyi ap viv nan ensètitid, fòk li chèche retounen nan baz sosyete a, pa sèlman pou jwenn repons, men sitou pou poze kesyon ki kòrèk yo sou finalite egzistans nou kòm moun. Tout moun k ap viv sou latè fèt nan yon fanmi ki chita sou paran ak pitit ki soude ansanm nan lanmou. Se ladan l nou aprann valè ak modèl ki genyen nan sosyete kote n ap viv la. Se nanm sosyete a li ye menm. Pap Franswa te di « tout renmen Bondye genyen nan li menm, tout bèl bagay li gen nan li menm, tout verite li gen nan li menm, Li ba fanmi an tout. E yon fanmi fanmi toubon vre, lè li kapab resevwa tout renmen sa a ». Se poutèt sa, fanmi ta dwe yon lekòl pou moun aprann tout valè yo ki ede sosyete a reziste kont tout deviyasyon, pou li pa tonbe nan laderiv.

Se Nasyonzini ki te pwoklame yon Jounen Entènasyonal fanmi nan yon rezolisyon li te pran nan lane 1993. Yo te deside selebre li chak 15 Me, yon fason pou yo manifeste enpòtans kominote entènasyonal la bay fanmi yo, pou ankouraje gouvènman yo tabli politik familyal epi soutni inisyativ k ap pran pou amelyore plas yo, ranpli fonsksyon yo pi byen nan sosyete a. Legliz Katolik bò kote pa li tou òganize yon rankont mondyal pou fanmi chak twa (3) ane depi 1994. Rankont sa a se yon temwayaj pwofetik sou gwo patrimwàn valè etik ak espirityèl li reprezante, chak jenerasyon gen devwa pou konsève epi pwoteje li.

Si yo te rive chwazi yon jounen entènasyonal ak yon rankont mondyal pou reflechi sou fanmi se paske gen anpil pwoblèm. Gen peyi kote fanmi yo gen yon panorama tris, paske yo gen yon defisi nan timoun ki ta dwe fèt, gen kontinan ki vin granmoun nèt paske kantite timoun ki ta dwe fèt pou ranplase paran yo, pa fèt. Gen lòt kote se pwoblèm divòs la k ap monte bwa chak jou, epi anpil lòt tou se maryaj yo k ap diminye san rete. Nan peyi pa nou Ayiti, pwoblèm yo tout kalite. Pwoblèm povrete a kreye anpil ak yon bann lòt tankou : nesans elve, manman k ap leve pitit sèl, chomaj, plasaj ak konkibinaj, migrasyon, fenomèn Sentaniz, pwostitisyon fòmèl ak degize, fenomèn « madan papa », fanmi afekte ak delenkans, gwoup ame, gang, elatriye.

Fanmi an ta dwe asire lojman, referans ak idantite pou timoun yo. Paske li ta dwe pran chaj yo jiskaske yo rive pran otonomi yo. Men malerezman, lè paran yo pa gen mwayen pou peye kay, yo pa kapab peye lekòl, yo pa kapab reponn bezwen premye nesesite yo, yo vin pèdi tout otorite. Pafwa paran yo, se gade yo gade yo wè lekòl peye, se gade yo gade yo wè kay peye. Lè sa a, devan pòt tounen dèyè kay, rapò yo chanje bout. Se pitit ki kòmande, ki fè lalwa, pa gen respè, pa gen valè, pa gen okenn tradisyon ki respekte. Se dezolasyon ! Fanmi an an fayit, li pa kapab jwe wòl li ankò pou kreye lapè sosyal, li pèdi kapasite l pou kreye tètansanm. Vwazinaj sanble pa fanmi ankò nan peyi a.

Men eta deplorab anpil fanmi ap viv jounen jodiya an Ayiti. Sosyete a se miwa fanmi an li ye. Si nou wè sosyete a nan tout nivo politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl epi relije ap degrengole, sa gen anpil pou wè ak sa k ap pase anndan fanmi yo, e nan lòt sans, sosyete a gen anpil enfliyans sou fanmi an tou. Gwo ensti­tisyon yo tankou Legliz ak Lekòl (Inivèsite) bezwen jwe wòl yo toutbon vre, nan fason y ap bay temwayaj sou finalite egzistans moun nan. Se yo menm ki kapab ede fanmi yo leve, pou yo menm al leve sosyete a tou. Nan sans sa a n ap voye yon gwo kout chapo pou tout manman, poto mitan tout fanmi, k ap bat dlo pou fè bè pou okipe pitit yo. Bon Nouvèl ap di tout manman : Bòn fèt !

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *