Anbrase lit peyizan yo : pi gwo zouti pou n pran endepandans vant nou

Peyizan yo jwe yon wòl enpòtan nan travay pou kenbe pwodiksyon nasyonal yon peyi vivan. Ankadre yo ak pèmèt yo jwi tout dwa yo se rekonpanse fòs kouraj yo epi pèmèt yo kontinye lite pou bay pwodiksyon manje lakay plis jarèt.

Peyizan yo bezwen yon pi bon ankadreman / Sous foto : Entènèt

Ayiti se yon peyi agrikòl. Sektè sa a ki reprezante plis pase 28% nan tout richès peyi a nan yon ane, se youn nan pi gwo sous aktivite ki pèmèt moun fè lajan pou yo viv. Se yon sektè okenn lòt pa ka ranplase nan batay pou yon vrè devlopman lokal. Sektè agrikòl la toujou jwe gwo wòl nan istwa ekonomik Ayiti. Soti depi nan endepandans nou jiska dezyèm mwatye ventyèm syèk la, sik, kafe, pit ak koton se lakay nou ou te jwenn bagay sa yo plis. Malerezman peyi a pa rive kenbe pozisyon li kòm lidè nan pwodwi sa yo epi pwofite avantaj yo te ka ofri li. Jounen jodiya ankò, men 4 filyè ki domine agrikilti nou an :

  • Lwil esansyèl ki soti nan vetivè. Chif ki disponib moutre nan lane 2011, nou rive voye vann lòtbò dlo pou plis pase 18 milyon dola ameriken.
  • Mango fransik. Nan lane 2007, nou voye vann plis pase 13 mil tòn mango fransik pou anviwon 8 milyon dola ameriken.
  • Kafe. Pwodiksyon an bese kon­trèman ak jan l te ye nan 50 dènye ane yo, men nou kontinye voye aletranje toujou menm si anpil fwa se yon fason enfòmèl nou voye kafe nan Repiblik Dominikèn.
  • Kakawo. Li kontinye jwe yon wòl enpòtan nan pwodiksyon agrikòl nou an. Pwodiksyon an ogmante nan dènye 30 lane sa yo. Li soti nan 2500 tòn an 1961 pou rive nan 9400 tòn nan lane 2010 kote nou rive antre 13,9 milyon dola ameriken nan ka­kawo nan menm ane sa a.
Peyizan yo vle yon lòt mòd kondisyon travay / Sous foto : Entènèt

Se fòs kouraj peyizan yo k ap aji. Istwa agrikilti Ayiti ak sa li voye vann aletranje moutre potan-syèl pwodiksyon ak ekspòtasyon nou pa neglijab. Lè nou byen pozisyone nou konsa sou plan entènasyonal, sa fè fyète nou kòm Ayisyen. Sa fè fyète diri­jan yo tou. Nan tout sa, nou pa dwe bliye se fòs kouraj peyizan yo ki ban nou fyète sa a. Pou n ale pi lwen, se travay peyizan yo ki mennen bèl ti pla byen gou ki konn moute sou tab nou yo. Sa vle di tou se peyizan yo ki ka garanti pwodiksyon nasyonal nou konn ap pale a. Tout sa ou vle ba ou yon rezilta, fòk ou pran swen li. Sektè agrikòl la ki gen lontan depi l ap fè fas ak sitiyasyon difi­sil parèt malad byen mal jounen jodiya.

Peyizan ap travay ak zong yo ? Sous foto : Entènèt

Dapre mesye Dòsilis Dorelyen (Dorcilus Dorelien), sekretè je-neral Mouvman Peyizan Gran­bwazyen pou Devlopman Riral (MOPAGDER), se prèske moun ki reziye ak pa kapab ki kontinye ap travay tè toujou. Peyizan yo pa jwenn okenn ankadreman nan men otorite yo pou yo ka fè pwodiksyon agrikòl la vanse. Gen yon enjistis sosyal ak eko­nomik k ap peze sou do peyizan nou yo. Mesye Dorelyen site yon pakèt mank ki anpeche peyizan yo fè latè bay randman li ta dwe bay. Pa gen kredi pou peyizan. Pa gen ni asirans, ni sibvansyon sou angrè ak semans. Agrikilti a pa modènize paske se toujou ak pikwa, wou, sèpèt peyizan kontinye ap travay tè. Menm si mwayen modèn yo ta egziste kèk kote, ti malere peyizan yo pa gen mwayen pou peye sèvis yo. Toujou dapre dirijan mouv­man peyizan an, menm moun an pwovens pa manje pwodwi lokal ankò. Yo vann vant yo ak manje blan. Lè gen enstabilite politik ak pwoblèm ensekirite, rekòt peyi-zan yo pa vann pou anyen paske machann pa ka vwayaje pou vin achte. Agrikilti peyizan an an kriz, li menm menase pou l dis­parèt si anyen pa fèt.

« Majorite tè nou yo pa awoze, sa vle di se sou kont lapli n ap tra­vay. Sa lakòz nou gen plizyè lane depi n ap pèdi rekòt nou. Chak fwa nou pèdi l, nou oblije rekò­manse paske se sa nou konn fè pou n viv. Ou te mèt pèdi rekòt ou chak ane, pèsonn p ap mande ou kijan ou ap fè pou replante ankò paske zafè agrikilti sanble pa en­terese dirijan nou yo ». Pawòl Dòsilis Dorelyen. Se peyizan yo ki travay pi di, se yo ki reskonsab vant moun nan peyi a. Men se yo ki pi meprize. Dwa yo pa menm respekte. Se pa malè anpil ladan yo rive voye pitit yo lekòl. Sa ki pa kapab ditou yo ap gade yo wè yo oblije voye pitit yo al rete ak yon moun lavil pou bourike pan­dan pitit moun sa a li menm ap mete bèt nan tèt li pou l ka itil tèt li demen. Se nan kontèks sa a dirijan mouvman peyizan an re­nouvle detèminasyon peyizan yo pou kontinye lite pou yo jwenn tè pou yo travay, bon jan zouti, angrè, men tou pou rive jwi tout dwa yo kòm peyizan ak kòm si-twayen ayisyen toutantye.

Se ankadreman peyizan ki ka garanti pwodiksyon nasyonal

Peyizan mande èd pou yo bay bon rezilta / Sous foto : Entènèt

Yon peyi kote peyizan yo trete an paran pòv pa ka gen yon pwo­diksyon nasyonal djanm. Depi yon peyi pa pwodwi ase, manje ap vin tounen yon bagay gwo zouzoun pou pitit li. Se pou sa nan dènye tan sa yo Ayiti ap fè fas kare ak yon kriz manje. Grangou frape anpil nan popilasyon an epi sa ap vin pi di chak jou. Nou nan yon ensekirite grav nan sa ki konsène lamanjay. Pwodwi moun manje anpil tankou diri, mayi ak pwa, nou pa fè ase nan peyi a, lakòz nou oblije achte an­pil nan lòt peyi yon fason pou n ka reponn a bezwen popilasyon nou an ki pa sispann ogmante.

Peyizan yo mande modènizasyon / Sous foto : Entènèt

Manje diminye, popilasyon og­mante : se yon ekwasyon difisil okenn peyi pa ta swete genyen pou l rezoud. Tout diskou ki pale de pwodiksyon nasyonal nan peyi sa a sanble chaje ak ipokrizi. Yo plis rete nan kad pwomès kanpay olye yo vin tounen reya-lite nan je tout moun. Peyizan yo gen lontan y ap mande koutmen leta a nan tout sans pou rive kenbe flanbo travay tè a, men okenn zòrèy poko tande yo.

Tout kout je yon moun fè nan 10 depatman yo moutre nou malgre popilasyon an ap og­mante san rete epi anpil moun ap kouri kite andeyò vin lavil, Ayiti gen ase potansyèl toujou pou l ta pwodwi an kantite pou pitit li manje epi pou l voye vann nan lòt peyi. Si nou poko rive la se paske petèt manke volon-te politik. Tout pawòl nou konn tande nan sa ki gen pou wè ak pwodiksyon nasyonal toujou rete nan kad kanpay elektoral, yo pa janm tounen reyalite vre.

Peyizan bezwen yon bon kote pou yo konsève danre yo / Sous foto Entènèt

Anpil moun kwè gen gwo en­terè tou dèyè sa nou voye achte lòtbò yo tankou diri, ki sanble pa pèmèt nou vanse anpil nan envesti nan pwodiksyon nasyo­nal. Nou pa pwodwi anpil, epi ti sa nou pwodwi a moun ki pa gen anpil lajan pa ka rive achte yo paske sibvansyon ki pa gen-yen pou sektè agrikòl la lakòz yo vann chè anpil. Popilasyon an vin oblije ap manje bagay ki soti nan lòt peyi epi ki gen mwens valè pase sa nou fè lakay nou yo. Anpil fwa, bagay enpòte sa yo reprezante yon danje pou sante popilasyon an.

Lit peyizan yo merite kore. Re­vandikasyon yo merite pran an konsiderasyon. Nan okazyon jounen entènasyonal lit peyizan yo, nan dat 17 avril ane sa a, se lè pou n soufle lanbi sansibiliza­syon an pou anfen nou rive poze yon pyon serye nan bay pwo­diksyon nasyonal la valè pandan n ap anbrase lit peyizan yo ki se sèl motè sektè agrikòl la. Se tout­bon vre modèl devlopman kont peyizan n ap eseye aplike depi lontan an p ap bay rezilta. Lè a rive pou nou rekonèt potekole ak peyizan yo pou yo travay latè se garanti endepandans vant nou pou zòt ka sispann voye sa yo pa bezwen ba nou pou lajan nou.

Senjan Lerisen

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *