Jounen Entènasyonal pou eliminasyon diskriminasyon rasyal

Chak ane nan dat 21 mas, yo selebre Jounen Entènasyonal pou elimine diskriminasyon rasyal toupatou sou planèt la. Nan okazyon an Mari Andre Etyèn ap pote kèk ti limyè sou sa dat sa a vle di pou mond nan e pou nou menm an Ayiti

Jou ki te 21 mas 1960 nan peyi AfrikdiSid, kote ki te gen apated, (sa vle di blan apa, nwa apa), lapolis touye 69 moun ki t ap fè yon manifestasyon pasifik pou pwoteste kont yon lwa ki te gen rapò ak lese pase tout nwa te fèt pou genyen.

Sis (6) lane apre, nan lane 1966, Òganizasyon Nasyonzini pran yon rezolisyon pou mande tout peyi manm li yo fè anpil jefò dekwa pou yo rive kwape tout fòm diskriminasyon rasyal nan tout peyi kote sistèm sa a egziste. Jou 21 mas 1966 la, Òganizasyon an dekrete yon « Jounen Entènasyonal Kont Diskriminasyon Rasyal. »

Kisa nou rele diskriminasyon rasyal ?

Diskriminasyon rasyal la, se lè ou pa respekte yon prensip ki di: « Tout moun fèt lib egalego ak menm dwa, menm devwa. » Depi ou mete yon moun sou kote akòz orijin li, koulè li, relijyon li, nasyonalite li, ras li, lè sa a ou tonbe nan diskriminasyon.

Ki diferans ki genyen ant diskriminasyon rasyal ak rasis ?

Nou sot wè piwo a sa yo rele diskriminasyon rasyal la. Rasis li menm se yon ideyoloji ki vle fè konprann gen yon ras ki siperyè sou yon lòt. Lè sa a yo divize popilasyonyon k ap viv nan menm peyi a. Nou ka pran egzanp sa ki
te pase nan dezyèm gè mondyal la lè Itlè (Hitler) te mete jwif yo sou kote epi te elimine yo. Po blanch vle di ou siperyè, ou reyisi. Ou gen tout dwa, tout pouvwa, tout privilèj.

Nou wè modèl sa a anpil nan peyi Ewopeyen yo kote pakèt Afriken yo, ap kite peyi yo, travèse lanmè pou vin chèche lavi miyò. Lè yo resi rive, yo konn refize ba yo kote pou yo rete, yo refize kite yo antre nan restoran pou y al manje oubyen yo refize lwe yo kay menm si yo ka peye. Yo kite yo nan lari anba tant. Se pa sèlman avèk migran ki soti nan peyi Afrik yo pou vin an Ewòp bagay sa yo fèt. Sa rive tou menm nan yon gwo peyi tankou Etazini. Pafwa ou konn pale nan telefòn ak yon pwopriyetè pou lwe yon
apatman, lè ou rive, mèt kay la wè se yon nwa ki parèt devan l, li di l li te gentan lwe apatman an. Menm ka sa a valab pou travay tou: lè ou ap chèche yon jòb. Moman ou parèt devan patwon an, li gade koulè figi ou, li di ou li te gen tan jwenn yon lòt anplwaye.

Enjistis, prejije ak inegalite sa yo, nou jwenn yo nan tout sosyete, nan lekòl, menm nan legliz tou. Nan lekòl men kouman timoun yo viktim. Ti kanmarad yo konn bat yo, joure yo, pase yo nan rizib. Timoun sa yo twomatize; yo vin gen konpòtman vyolan, yo rayi moun, yo rayi pwòp tèt pa
yo; yo fè depresyon jouk genyen ki konn touye tèt yo.

Sistèm rasis sa a gen gwo konsekans: li konn reskonsab anpil dezagreman, hinghang nan yon kominote. Men sa Kofi Anann, 7èm Sekretè Jeneral Nasyonzini di nan lane 2004:

« Ane sa a gen 3 gwo evènman pou nou pa bliye :

  • a) Sa fè 10 lane depi yon jenosid te fèt nan peyi Wanda.
  • b) Se Bisantnè revolisyon ayisyèn nan ki te libere pèp Karayib yo ak pèp Amerik Latin yo.
  • c) Ane 2004 la se Ane Entènasyonal Komemorasyon lit kont lesklavaj
    avèk abolisyon li. »

Non sèlman fòk nou onore memwa viktim trajedi ki pase yo, men tou fòk nou travay pou malè sa yo pa rive ankò nan listwa limanite.

Èske gen diskriminasyon nan peyi d Ayiti oubyen èske Ayisyen viktim diskriminasyon nan peyi etranje ?

Nou tout konnen gen anpil ayisyen ak ayisyèn k ap travay nan move kondisyon nan repiblik dominikèn. Yo viktim rasis ak diskriminasyon.
Nou pa ka bliye lwa 168-13 ki te pran nan mwa sektanm 2013, ki te konsidere kòm apatrid anpil ayisyen-dominiken ki gen orijin ayisyèn.

Christiane Taubira, ansyen depite, ansyen minis jistis Lafrans ki te
pwpoze lwa pou rekonet trèt esklav kòm krim kont limanite. Lwa ate
pote non li: Lwa Tobira / Sous foto : Entènèt

Nan peyi Chili kote yon pakèt frè ak sè nou yo ap viv, yo sibi anpil diskriminasyon sitou lè pou yo lwe yon kay oubyen chèche yon
travay. Genyen ki di menm nan otobis, yo pa ka chita bò kote Chilyen
yo. Nou remake se pa menm konpòtman sa a chilyen genyen pou lòt nasyonalite k ap viv nan peyi yo.

Nan peyi d Ayiti prejije koulè pa disparèt. Anpil moun po klè konprann
yo siperyè ayisyen parèy yo ki gen po nwa.

Kanta bò isit gen yon fenomèn yo rele alyenasyon ki soti depi epòk kolonyal: se yon fòm diskriminasyon ki chita sou divizyon sistèm kolonyalis la te mete chita sou varyete koulè po. Toutotan yon moun te pi klè, li te konnen li pi pre blan; konsa tou li te konnen li siperyè tout moun ki nwa.
Menm jouk jounen jodiya nou jwenn fòm alyenasyon sa a nan anpil peyi kote yon flonn kannannan pase yon pwodi pou chanje koulè po yo pou yo ka parèt klè.

Kisa ki lakòz diskriminasyon sa a nan lemonn ?

Jouk jounen jodiya gen komès vann moun k ap fèt, gen esklavaj: moun y ap fòse travay pou granmesi; esklavaj seksyèl, kont ti fi ak ti gason. Yo pran ògàn malere, tankou ren, kè, je pou yo al vann yo pou fè kòb. Tout enjistis ak mechanste sa yo se povrete , sou devlopman ak ensekirite ki lakòz.

Kisa nou dwe fè pou kwape rasis ak diskriminasyon rasyal sou planèt la ?

Mwen kwè nou dwe mete tèt nou ansanm pou fòme yon gwo chenn
solidarite entènasyonal k ap simaye limyè kont tout vyolans, enjistis, pèsekisyon, entolerans, malveyans ak tenèb madichon.

Fòk nou ta pratike tolerans, lajistis, jenewozite, lanmou yonn pou lòt, ak anpil mizerikòd. Se pa paske yon moun gen po klè, gen lajan, gen pouvwa pou l konprann li siperyè, epi li ka fè nenpòt ki bagay. Avèk mwayen teknolojik nou genyen jodiya, planèt la tounen yon gwo vilaj global kote tout moun gen relyasyon ak koneksyon total kapital yonn ak lòt.

Jounen Entènasyonal kont diskrimasyon rasyal la se yon bon bagay, men fòk tout otorite politik yo pran bonjan lwa solid epi poze zak nesesè pou mennen planèt la nan chemen verite, chemen egalite, chemen lanmou, chemen limyè.

Mwen swete tout moun yon bon jounen refleksyon sou diskriminasyon
rasyal la jou 21 mas 2019 sa a.

Marie Andrée Manuel Etienne

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *