Konstitisyon 1987: dezyèm amandman, zewo aplikasyon !

29 mas 2018 bay 31 lane depi nou gen yon zouti ki di kijan peyi sa a dwe dirije : se Konstitisyon an. Zouti sa a ki te deja sibi yon premye amandman nan lane 2011 sou wout pou li sibi yon dezyèm amandman san nou pa twò ka di konbyen fwa li te aplike ki fè nou kwè gen nesesite pou n pase men ladan.

Yon Konstitisyon se Manman Lwa yon peyi ki konsakre dwa ak libète sitwayen yo genyen, men tou ki mete limit ant pouvwa egzekitif, lejislatif ak jidisyè. Pa gen yon pi bèl zouti pèp Ayisyen te ka genyen pase Konstitisyon pa nou an ki mete nan de (2) pla men nou dwa nou genyen pou n viv tankou moun, pou n travay libe libè yon mannyè pou n ka jwenn ti gout kè kontan jan deklarasyon endependans nou an ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa
Moun nan vle l la.
Konstitisyon sa a te fèt tou pou mete kanpe yon rejim ki chita sou libète fondalnatal ak respè dwa tout moun. Yon rejim k ap byen pataje richès peyi a pou tout moun ka gen lajan nan pòch yo jan sa prevwa nan Akò
Entènasyonal ki gen pou wè ak dwa sosyo-ekonomik ak kiltirèl yo, Nasyonzini te vote nan dat 16 desanm 1966 epi Ayiti t ap al ratifye li nan dat 31 janvye 2012 la. Anfen, lè yon moun li tout rezon ki fè nou te pwoklame
Konstitisyon sa a nan dat 29 mas 1987, ou wè se pi gwo rèv yon pèp te ka genyen.

Yon rèv ki pa janm reyalize

Sou papye, nou gen yon bèl Konstitisyon, men nan pratike sa ki ekri yo se zewo bare. Si nou pran objektif ki gen pou wè ak dwa fondalnatal sitwayen ayisyen yo, se katastwòf nèt. Dwa ki pi enpòtan yon moun te ka genyen se dwa pou l viv. Si yon moun pa manje l ap mouri. Nou pa bezwen mete yon linèt fann defans ni prete zòrèy rat kole nan plas pa nou pou n konnen gen yon pakèt moun k ap mouri grangou nan peyi pa nou. Se plizyè milyon Ayisyen ki pa ka moute chodyè menm yon fwa pa semèn. Toupatou nan peyi a, gen anpil moun k ap vale van, yo oblije konte sou solidarite lòt moun pou lonje men ba yo.

Si yon moun pa gen bon jan kay pou l rete, se kondisyon ki reyini pou l mouri tou. Anpil kote, sitou nan bidonvil yo ak nan seksyon kominal yo, kay moun rete, se yon bagay ki bay kè kase. Non sèlman yo piti, men tou yo pa solid. Se poutèt sa toujou gen anpil viktim chak fwa gen yon katastwòf natirèl ki pase. Nou pa ka bliye tranblemanntè 12 janvye 2010 la ak siklòn Matyou. Nou konte kadav chak jou sèlman paske nou pa fè rèv Konstitisyon
an tounen yon reyalite nan lavi sitwayen yo.

Pwoblèm chomaj k ap brase bil peyi nou lakòz anpil tèt chaje :

moun tout laj, tout kalite konpetans ap kouri kite peyi a al pran souf Chili, Brezil, elatriye. Ensekirite a ap vale tèren paske gen twòp moun ki pa ka fè yon goud. Nenpòt ti monnen ka fè yo fè sa ki pa sa. Si sekirite sosyal ak ekonomik yo te asire jan sa ekri nan Konstitisyon an, yo t ap gen mwens chans pou yo pote etikèt kriminèl pou yon ti boutèy wonm.

Nan sa ki gen pou wè ak jesyon peyi a, se tout tan Konstitisyon an ap pase anba pye. Twa (3) pouvwa leta yo pa rete nan wòl yo, anpil fwa yonn antre sou tèren lòt. Nan majorite ka ou tande otorite nan peyi isit pale de respè Konstitisyon an, se lè li nan avantaj yo.

Premye amandman konstitisyon an

Yo amande yon Konstitisyon, lè apre yon bon bout tan y ap aplike li, yo bezwen adapte li ak kèk evolisyon ki genyen nan sosyete a. Nan ka pa nou an, se diferan paske senp ti rale nou sot fè pi wo a moutre nou pa t janm aplike pa nou an. Nou pi plis konn gen motivasyon pou n fè koken pou tèt nou ak ti gwoup pa nou pase motivasyon pou nou fè yon peyi mache nan entèrè si-twayen yo. Fason amandman sa a te pwopoze a te sanble kou de (2) gout dlo ak yon gwoup moun ki te konnen yo ta pral fè yon pote boure sou pòs Prezidan an ak majorite pòs Senatè ak Depite yo. Epi yo t ap prepare yo pou yo tou vare sou tout lòt enstitisyon enpòtan tankou konsèy elektoral pèmanan pa egzanp.

Tèks amandman an defen Prezidan Rene Preval (René Préval) te voye nan palman an nan mwa sektanm 2009 te rive vote san pèdi tan nan de (2) chanm yo epi pibliye nan Jounal ofisyèl peyi a « Le Moniteur » nan dat 6 oktòb 2009. Zen pete, anpil moun rele anmwe, tèks ki pibliye a se pa sa ki te vote nan okenn nan de (2) chanm karantuityèm lejislati a.

Nan dat 9 me 2011, malgre anpil vwa ki te leve pou di kanpe sou amandman an, desizyon te pran kanmenm pou kontinye ak li. Se konsa tèks la ki te sibi yon ti koreksyon nan karantnevyèm lejislati a, te rive pibliye ankò.

Nan mwa jen 2011, Prezidan Michèl Jozèf Mateli (Michel Joseph Martelly) te soti yon arete prezidansyèl ki anile piblikasyon amandman an nan Jounal ofisyèl Repiblik la, sa vle di nou te vin retounen nan konstitisyon 1987 la menmsi Prezidan an li menm, te prete sèman sou konstitisyon amande a. Komisyon jiris moute pou travay sou tèks amandman an, anpil pawòl anpil fèt jiskaske finalman Prezidan Mateli pibliye amandman an, ki sanble te
byen korije, nan dat 12 jen 2012.

Pwoblèm pi rèd : tèks ki pibliye a se pa sa ki te vote a, konstitisyon 1987 la te ekri an kreyòl ak an fransè poutan amandman an ekri sèlman an fransè. Jodiya ankò, menm kèk palmantè ap mande anba dra ki konstitisyon nou kouvri.

Dezyèm amandman an nan wout Nan moman n ap ekri la a, gen travay k ap fèt pou mennen nou nan yon dezyèm amandman. Komisyon espesyal k ap travay sou amandman konstitisyon an, ki gen nan tèt li depite Djeri Tadye (Jerry Tardieu) ap miltipliye rankont ak dives sektè nan lavi nasyonal la tankou moun k ap travay nan domèn lajistis, òganizasyon nan sosyete sivil la. Men tou ak kèk pèsonalite tankou plizyè nan ansyen premye minis
nou yo.

Nou poko konnen ki atik komisyon sa a pral pwopoze pou chanje, nan ki sans, nan enterè ki gwoup paske konsiltasyon yo ap kontinye. Nou pa konnen tou kisa gwoup moun ak grenn moun yo rankontre deja yo di, ni
si sa yo pwopoze yo ap pran an konsiderasyon. Nou pa konnen tou si vrèman vre pèp Ayisyen an gen mo pa l nan amandman sa a. Nou espere sèlman chanjman yo ap fèt pou pèp Ayisyen an epi fwa sa a yo pral aplike Konstitisyon an kòrèkteman nan tout sikonstans.

Senjan Lerisen

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *