Nan ki lespri n ap selebre 215 lane endepandans la ?

Premye janvye 1804, nou te fè pi gwo mirak pèsonn pa ta janm imajine a. Nou se premye peyi nwa ki te rache endepandans nou nan men blan fransè. Nou te pran wout pou n viv lib, tankou frè ak sè epi konstwi yon peyi kote lavi ap fleri nan kè tout pitit li. 215 lane apre, nou pèdi bousòl la, nou kite totalman chimen zansèt nou yo te trase a. Kiyès ki koupab ?

Ayiti se yon peyi ki ekri yon bèl paj istwa ak yon lank mond la p ap janm ka efase. Nan moman difisil nan istwa nou kòm pèp, nou pa t rete bra kwaze. Nou te gwoupe nou ansanm pou n pote repons pou kesyon enjistis, esklavaj ak eksplwatasyon te poze nou. Gwo tonton egzanp sa a nou te pèmèt nou bay mond la lè nou te vin tounen premye peyi nwa ki granmoun tèt li sou
tan modèn nan, se rezilta tèt ansanm li te ye.

Soti depi nan mawonaj, pase nan seremoni Bwa Kayiman, batay Vètyè jiska pwoklamasyon endepandans la, se te toujou men nan men nou te konn mache. Chak moun te jwe wòl li pi konn jwe a pandan l te respekte sa lòt la ka fè a.

Pou zansèt nou yo te montre kijan endepandans dwe pote tout sa ki bon pou nou, yo te chwazi marye l ak premye jou nan ane a, yon fason pou l ka
trennen dèyè l gwo lo pwomès, espwa ak angajman ane tou nèf yo toujou pote. Nan diskou ki te fèt lè endepandans Ayiti t ap pwoklame nan Gonayiv, gen yon ti fraz ki te gen anpil enpòtans « Se pou pawòl sa yo mete nou
ansanm, se pou yo tounen siyal konba nou ak tèt ansanm nou »
.

Kisa nou kenbe nan objektif endepandans la ?

Apre nou fin deside granmoun tèt nou nan dat premye janvye 1804, batay ak blan fransè a fini men nou kòmanse batay ak pwòp tèt nou. Touswit apre, nou voye jete solidarite ki te genyen ant nwa ak milat la pou yon senp
kesyon pataj tè ak richès. Afè enterè pèsonèl sa a vin kreye de (2) mond) nan peyi a: nouvo rich ak moun ki pa jwenn anyen.

Sila yo ki pa jwenn yo fache epi yo kòmanse frajilize endepandans nasyonal la. De (2) lane apre endepandans, nou touye Desalin san nou pa menm pran
tan pou n apresye jistis sosyal li te vle tabli, anpil fò li te kòmanse konstwi pou nou ka defann tèt nou si blan ta deside pou l mete pye sou kou nou ankò. Nou asasinen l paske yonn nan sa nou repwoche l, « fason l ap mennen bak peyi a pa satisfè apeti pèsonèl nou ».

An nou sonje Desalin / Sous foto : Entènèt

Apre lanmò anperè a, peyi a te boulvèse anpil. Li te vin divize. Depi lè sa a nou kòmanse pote kwa enstabilite politik. Gen anpil lòt evènman ankò ki te fè moun wè nou pa ka dirije tèt nou. Nou pa kapab bliye pwoblèm nou te
genyen nan kòmansman ventyèm syèk la, sa ki te lakòz blan meriken debake vin okipe nou soti 1915 rive 1934. 60 lane pi ta, nan lane 1994, ameriken debake lakay nou ankò paske te gen pwoblèm restorasyon lòd
demokratik nou pa t ka rezoud. Tout bagay sa yo rive, poutan nou te fè sèman pou nou pa janm viv anba lòd lòt peyi ankò.

Soti premye janvye 1804 jiska 1986, peyi a te pase anpil rejim politik. Nou pa t janm rive mete kanpe yon sistèm demokratik, malgre nou te gentan pase konstitisyon tankou moun k ap chanje chemiz (22 konstitisyon).
Se jis nan dat 29 mas 1987, pa referandòm plis ratifikasyon palman, nou rive bay tèt nou yon konstitisyon ki fè Ayiti chwazi demokrasi kòm sistèm.

Konstitisyon sa a te vin ranplase sa diktatè Franswa Divalye (François
Duvalier) te mete kanpe nan lane 1963 a. Malgre sa peyi a kontinye soufri anba yon enstabilite politik ki pa janm fini. Batay pou pouvwa pa janm sispann. Moun ki nan pouvwa yo soufri maladi ogèy, maladi gran chèf epi sila yo ki pa nan pouvwa a ap soufri anba maladi swaf pouvwa, se retire pye ou ban m mete pa m. Sou 38 prezidan (14 chèf leta diferan) depi nou antre nan demokrasi, 6 sèlman ki fin fè manda yo.

Sistèm politik la ki pa byen òganize anndan peyi a kreye boulvèsman tout kalite ki paralize devlopman peyi a epi kreye tèt chaje anndan sosyete a. Sitiyasyon sa a vin lakòz povrete ak lamizè fin anraje paske enstabilite
sosyal ak politik la anpeche moun ki gen lajan vin envesti pou kreye travay.

Kiyès ki koupab ?

Jounen jodiya, sitiyasyon an vin pi mangonmen. Lavi vin prèske pa posib ankò pou pi pòv yo. Mas pèp la lage pou kont li. Anpil fwa li pa menm ka soti al chèche lavi paske ti katye popilè li rete a se baz yonn oswa plizyè gwoup nèg ak zam.

Pandan nou pral selebre 215 lane endepandans nou, yon senp ti kout je sou sosyete nou an moutre pa gen respè pou dwa moun ankò, konstitisyon an
pase anba pye, pa prèske gen aktè politik konsekan ankò, diskou lidè politik yo pran direksyon kote enterè yo ye, nan aparèy leta a ou santi reskonsab yo plis ap travay pou tèt yo olye yo chèche fè kondisyon lavi pèp la vin pi bon. Se yon veritab « naje pou soti ».

Aktè nan sosyete sivil la, otorite moral tankou legliz, pa egzanp, ki ta dwe akonpanye pèp la nan revandikasyon l jan yo kapab, sanble gen difikilte pou yo fè sa. Entèlektyèl yo sanble sispann reflechi pou pwopoze direksyon.
Lekòl yo ak inivèsite yo sanble sispann fòme moun pou peyi a.

Lè gen eleksyon, lidè nan kominote yo oswa moun ki gen plis lespri epi ki ka bay moun direksyon yo fè vòt la al kote yo gen enterè pèsonèl yo epi podyab rès popilasyon an. Se kòmsi se chak grenn moun ki se yon peyi, paske depi afè nou mache pèsonèlman, nou satisfè.

Gen gwo ijans jodiya, ka a grav, Ayiti menase pou l disparèt. Kiyès ki gen kouraj pou jwe wòl li toutbon vre pou nou ka remete peyi sa a kanpe ? Nou tout koupab nan nivo pa nou, si peyi a plonje nan bafon li ye la a. Rete pou n pran konsyans sou sa epi moutre nou merite sakrifis zansèt nou yo te fè pou ba nou peyi sa a epi deside rekòmanse travay pou n remete Ayiti sou ray li. Ewo endepandans yo ap kontan, jenerasyon k ap vini an ap di nou
mèsi.

Senjan Lerisen

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *