Tout bagay gen syans : yon bouyon syantifik an kreyòl ayisyen

Teknoloji se pi gwo sous richès lemond genyen nan men l jounen jodiya. Tout Nasyon ki pa metrize reyalite syantifik lanati kondane pou yo achte solisyon nan men lòt nasyon ki pi avanse. Nan objektif pou l kole yon premye wòch nan konstriksyon yon peyi k ap pran chimen lasyans, enjenyè Mak Evenns Jan Jak (Marc Evenst Jn Jacques) ekri yon liv ki rele « Tout bagay gen syans ». Jounal Bon Nouvèl te rankontre li, nou vin pataje ti moso ak ou nan edisyon Jounal mwa sa a.

Lasyans se yon rezèvwa enfòmasyon sou estrikti ak fonksyònman lanati, ki chita sou obsèvasyon ak aktivite pratik. Fason yon nasyon konprann lanati ak mond n ap viv la, tou di nou si li gwo ak si li piti. Enfòmasyon yon peyi genyen pou li eksplwate resous natirèl li, ba li yon avantaj sou peyi ki pa gen konesans sa a. Depi apre Ayiti te fin pran endepandans li, nou lib pou n viv se vre, men nan sa ki gen pou wè ak konesans, nou toujou chaje limit.
Jodiya konesans sou lanati vin pa yon sekrè ankò : yo rele l lasyans.

Lasyans se yon langaj inivèsèl nou dwe metrize

Tout peyi nan mond nan sèvi ak de (2) resous pou kreye richès : syèl la ak tè a. Kòm chak peyi gen moso tèritwa pa l ak moso espas pa l, se devwa yo chak pou konprann resous sa yo epi eksplwate yo, yon mannyè pou yo rive fè kondisyon lavi sitwa-yen lakay yo vin pi bon epi garanti jenerasyon k ap vini yo yon pi bon demen. Richès enpòtan anpil, men se konesans ki kreye
richès. Lasyans se menm bagay tout kote, konsa si gen syantifik tout kalite
an Ayiti, li pa nòmal pou moun nan grangou, blakawout ak lamizè toujou. Lwa fizik yo egziste pou Ayisyen menm jan ak Ameriken an epi tout lòt nasyon yo. Se devwa nou tout pou n konprann yo epi fè pitit nou ak tout desandan nou konprann yo. Devlopman p ap soti nan ti kout men lòt peyi ap ba nou, men pito nan jefò nou fè chak jou pou konprann tout sa ki antoure n, rezon ki fè yo egziste epi mwayen pou n fè yo ba nou randman. Apre tout konsiderasyon sa yo, enjenyè Mak Evenns Jan Jak prezante nou «
Tout bagay gen syans »
, yon liv k ap louvri lespri nou, ede nou konprann
tout sa ki egziste gen lwa ak prensip syantifik ki kontwole yo.

Ki moun Mak Evenns Jan Jak (Marc Evenst Jn Jacques) ye ?

Se yon jèn syantifik ayisyen ki gen sèlman 28 lane. Li se moun Karis

(Depatman Nòdès). Apre gradyasyon li kòm enjenyè mekanik nan Inivèsite Florid, li te kontinye Etid li nan peyi Almay kote li te espesyalize nan enèji renou-vlab, espesyalman enèji ewolyèn (sa vle di enèji nou kapab sèvi ak van pou n kreye). Li te fè premye eksperyans travay li nan konpayi Alman BASF ki se pi gwo konpayi pwodwi chimik ki egziste sou latè.

Jounen jodiya, li travay kòm enjenyè espesyalize nan enèji ewolyèn, pou
jeneral elektrik (General Electric) nan Etazini, Kanada ak tout Rejyon
Amerik la. Li travay tou kòm konsiltan nan zòn Karayib la. Enjenyè a
gen enterè espesyal pou lasyans.

Li pa chich pou konesans, paske li konnen se sèlman nan chimen sa a pou n pase pou n wè van devlopman soufle sou peyi nou. Pou l ka asire l konesans l ap pataje a rive sou tout moun, li ekri liv li a an kreyòl ki se sèl lang tout Ayisyen pale. Daprè li, se fason sa a li dwe fè pou l mennen syans la bay moun ki pi ba nan sosyete a.

Poukisa se an kreyòl ou ekri liv syantifik sa a?

Imaj syantifik sou gravite / Sous foto : Entènèt

Mak Evenns (Marc Evenst) reponn nou sou de (2) aspè. Premye aspè a chita sou kiryozite li te genyen depi li tou piti. Li te konn poze tèt li kesyon poukisa syèl la ble ? Poukisa yon avyon vole li pa sot tonbe ? Men li pa te janm jwenn yon repons a-pwofondi sou kesyon sa yo. Se lè li vin gran, l al etidye lòtbò dlo li te gen chans pou etidye nan gwo inivèsite yon seri konsèp fizik nan lasyans, repons sa yo vin jwenn li. Se lè sa li konprann si lè li te gen 12, 14, 15 ane li te jwenn mem repons sa yo nan lang manman l, tankou li konn bay blag ak frè l, li panse li tap pi lwen nan lavi l pase jan li ye
jounen jodiya.

Dezyèm aspè se paske tout moun an Ayiti pale kreyòl, se yon ti pousantaj ki pale franse. Mak Evenns (Marc Evenst) poze tèt li kesyon, èske nan tout popilasyon ayisyèn nan pa gen anpil moun ki entèlijan, ki ka kreye, ki kapab envante ? Li kwè li t ap jwenn anpil, men fòk yo jwenn enfòmasyon yo nan lang manman yo, nan lang entwisyon yo. Li rete kwè li enpòtan anpil pou plis moun, plis ayisyen kapab jwenn konesans sa yo nan lang yo tout yo pale a. Si nou vle chanje avni peyi d Ayiti, li enpòtan pou langaj syantifik la rive jwenn pèp la nan lang kreyòl.

Se lasyans k ap ede nou soti nan soudevlopman n ap naje a

Jou Ayiti entegre kreyòl la toutbon vre nan sistèm edikatif la, Ayiti p ap
peyi ki pi pòv ankò nan Amerik la. Se gwo afimasyon sa a jèn syantifik
la revele nou. Lasyans se yon langaj ki pèmèt nou kominike ak anviwònman nou, ak resous ki bò kote nou. Lè timoun nan jwenn enfòmasyon syantifik yo nan lang li pale a depi byen bonè, li posib pou demen ou jwenn timoun sa a k ap kreye, k ap envante yon seri bagay peyi a pa genyen.

Pou devlopman peyi d Ayiti kapab deklanche fòk konesans syantifik yo rive jwenn ayisyen nan konsèp, nan mo li kapab metrize epi nan kontèks
sosyete kote l ap viv la. Diferans ki genyen ant Ayiti ak nenpòt lòt peyi ki devlope se lasyans, nan fason nou itilize l epi nan fason nou entèprete l. Pa egzanp, nou jwenn anpil fatra nan peyi a k ap sal vil nou yo, ebyen kontèks la di nou kapab itilize metòd syantifik pou yo tounen sous enèji nou bezwen anpil la. Fatra se yon resous li ye. Pa gen anyen nan lasyans ki vrè an Almay ki p ap vrè an Ayiti.

Kisa ki anndan liv « Tout bagay gen syans » ?

« Tout bagay gen syans » se yon liv tout Ayisyen ta dwe li. Se pou sa li ekri an kreyòl. Li disponib pou kounyeya nan libreri Lapleyad (LaPléiade), men li gen pou gaye kò l nan tout ti kwen nan peyi a. Liv sa a se yon bouyon syantifik ki gen 10 chapit. Chak chapit se yon gwo rivyè konesans k ap koule byen klè nan lang manman nou. Gen chapit menm ki pote yon seri egzanp
ak esplikasyon ki ka ede nou pran pi bon desizyon nan lavi nou k ap mennen nou nan chimen siksè. Egzanp ki chwazi pou fè nou konprann
lide ki devlope nan chak chapit, se bagay n ap sèvi chak jou.

Se li pou ou li liv sa a pou ou ka wè. Men m ap kase ou ti kal nan sa ki
anndan l. Premye a pale sou gravite. Lwa sa a ki gouvène linivè toutantye
a, se li ki pèmèt gen lajounen, lanwit, katastwòf natirèl, lavi.

Dezyèm chapit la prezante nou atòm ak tout teyori ki te devlope sou mo sa a soti nan yon syèk al nan yon lòt ak plizyè syantifik diferan. Li fè nou dekouvri byen klè anpil mo nou konn itilize nan chimi men nou pa rive konprann.

Chapit twa (3) a pale sou ki kote lavi soti. Nan pati sa a, nou jwenn yon bon melanj biyoloji, labib ak lasyans. Nou jwenn ladan tou yon sijè ki enterese anpil moun nan peyi d Ayiti ki se zonbifikasyon.

Katriyèm pati a pale sou enèji. Nou reviv ak bon jan egzanp, kèk bagay nou te konn fè nan fizik nan klas nevyèm ane fondamantal, sitou fòs, travay ak mouvman. Chapit senk (5) la pale sou relativite. Li moutre kijan kèk bagay ou pa ta janm panse, kapab rive fèt gras ak lasyans. Lasyans se yon pon ki fè imajinasyon rankontre ak reyalite.

Sizyèm chapit la pale sou atmosfè, klima, katastwòf natirèl. Se yon gwo chapit ki moutre nou anpil fenomèn fizik ki rive posib gras ak lè n ap respire a. Li pèmèt nou konprann kisa ki fè nou gen plizyè sezon pandan ane a. Li ede nou konprann tou poukisa gen peyi ki fè cho ak lòt ki fè frèt. Li fè nou konnen tou kote lapli soti.

Plan enstalasyon kouran elektrik / Sous foto : Entènèt

Chapit 7 nan liv la pale sou elektrisite. Nan chapit sa a, enjenyè Mak fè nou konnen se pa sèlman lè EDH bay kouran an nou gen elektrisite, men elektrisite a se yon bagay nou fè chak jou. Kòm se mouvman elektwon li ye, nou ka itilize nenpòt mouvman pou n fè elektrisite. Se yon chapit ki enpòtan anpil epi ki ta dwe enterese nou lè nou konnen yon ti moso kouran nan peyi pa nou se yon bagay ki tèlman ra, menm kandida sèvi ak sa kòm pwogram pou mennen kanpay : se grav nan venteyinyèm syèk sa a.

Chapit uit (8) la pale sou limyè. Se vitès limyè ki konsidere kòm pi gwo vitès ki posib. Se gras ak li nou ka pale nan telefòn ak yon moun kèlkeswa kote li ye, se li ki bay radyo, televizyon ak anpil lòt teknoloji ankò. Nevyèm chapit la kase ti moso nan teyori Kwanntòm ki se yonn nan pi bèl teyori lasyans envante. Li pa fasil pou konprann, men li jwe yon wòl enpòtan nan tout gwo envansyon lasyans ap fè nan jenerasyon pa nou an.

Dènye chapit la pale sou tranblemantè tout moun rele kounyeya nan peyi nou « goudougoudou ». Lè nou konnen ki menas ki pandye sou tèt Ayiti ak chak grenn moun k ap viv ladan akoz risk sismik, chapit sa a enpòtan anpil. Li pèmèt nou konprann kisa ki lakòz tranblemantè a, kategori tranblemantè yo, elatriye.

Dènye mo

Nou pa ka wont pou n di Ayiti, jounen jodiya, se yon peyi ki nan peryòd presyantifik paske nou lwen toujou pou lasyans rive sou nou jan li rive sou anpil lòt peyi. Enjenyè Mak ofri nou liv sa a pou n ka fè yon pa sou chimen lasyans. Tout moun k ap viv sou tè a dwe fè jefò pou konnen kijan li fonksyone. Liv sa a se yon boustè pou fè nou soti nan parès syantifik nou. Pa janm bliye langaj lanati se lasyans epi yon peyi ki pa bat pou l metrize lasyans, kondane pou l toujou rete pòv, mizerab, frajil.

Senjan Lerisen ak Pè Gari Basyen
Dirèk 6

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *