Istwa pwojè a

Se Ench ki bèso pwojè a

Se an avril 1967 premye nimewo jounal la te parèt. Papa ti bebe sa a te rele pè Joris Kepens (Joris Cueppens). Pè Joris Kepens setè yon misyonè Esket, ki te rive an Ayiti nan lane 1959. Li te jwenn manda pou l te komanse mete yon jounal kreyòl sou pye, nan yon reyinyon kèk pè Esket ansanm ak Monseyè Emaniyèl Konstan (Emmanuel Constant) t ap fè nan presbitè Ench la, pandan Monseyè te ale la ansanm ak pè Joris pou konfimasyon.

Objektif pwojè a

  • Pwomosyon lang kreyòl la, paske se lang sa a pèp Ayisyen an pale. Bon Nouvèl vle batay pou lang pèp la ka tounen zouti edikasyon li, pratik relijyon li, konmès li, aksyon politik li ak tout lòt aktivite l yo. “Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou”.
  • Ofri bon lekti ak tout kalite enfòmasyon ak fòmasyon bay moun ki te aprann li ak ekri nan sant alfabetizasyon yo ak tout lòt moun ki renmen lang manman yo. Fòmasyon sou relijyon, pawòl Bondye, lasante, agrikilti, elatriye.
  • Ankouraje moun pwodwi tèks, pwezi, istwa, blag nan lang kreyòl la.

Avril 1967 premyejounal la parèt

Konsa premye nimewo jounal «Bon Nouvèl» la te parèt nan mwa avril 1967. Pè Joris te ekri l nan fonetik ONEC la ki te fèk sou moun nan kad kanpaj alfabetizasyon Franswa Divalye te mete sou pye.

Se nan enprimri Lafalanj (La Phalange) yo te fè l. Yo te enprime 4000 nimewo, li te gen 8 paj epi li t ap vann 10 kòb. Piblik la te byen akeyi jounal la.

Pitit la devlope

Pè Joris tèlman pran swen pitit sa ki fè k fèt la, ki fè li vin devlope jiskaske li tounen yon bèl demwazèl jounal an 2 koulè sou 24 paj.

PèJoris ale, lòtdirektèvini

Pè Joris mouri jou ki te 20 desanm 1982. Jounal la te gen 15 lane sou tèt li. Pè Anri Kaal (Henri Kaal) te pran plas li kòm direktè jounal la jis nan lane 1988. Apre li menm se pè Pol Boucha (Paul Bouchaert) ki te pran latèt pwojè a. Nan lane 1995 se pè Jan Out (Jan Hoet) ki te pran mayèt la jis manda l te fini nan lane 2005.

Pè Joris
Premye nimero jounal
Pè Joris mouri jou ki te 20 desanm 1982

Share Button