Franswa Wozilya, Yon fanm anpli nan Akademi Kreyòl Ayisyen an !

8 Mas se Jounen Entènasyonal Fanm! Nan chita pou nou kapab wè ki enpòtans fanm genyen nan lit pou kreyòl la an Ayiti, n ap tou pwofite prezante fanatik yo Redaktris Jounal Bon Nouvèl la ki se yonn nan nouvo Akademisyèn Lang Kreyòl Ayisyen an (AKA) pandan l ap di nou ki moun li ye :

Ki moun ou ye?
Mwen menm se Wozilya Franswa, Pitit Loransye Franswa ak Silyeniz Silfwa. Mwen soti nan Plato Santral, nan yon zòn ki rele Lamesèt ki nan komin Sèkalasous. Mwen te kite Lamesèt tou piti pou m antre nan bouk
Saltadè ki toujou nan komin Sèkalasous. Nan bouk Saltadè, mwen te genyen de (2) nouvo paran, Pè Jan Out (CICM) ak Rosemari Etyèn. Se ak moun sa yo mwen grandi. Yo kontribye nan sa mwen ye jounen jodiya.

Soti 1982 pou rive 1988, mwen fè premye ane pou rive sizyèm ane fondamantal nan lekòl Senmichèl Saltadè. Mwen te kòmanse klas segondè mwen nan Ench, Ti Seminè kolèj Sen Maten, epi soti 3èm jiska filo, nan
kolèj Maten Litèking nan Okap Ayisyen. Nan lane 1996, mwen antre nan Pòtoprens pou zafè Inivèsite. Mwen etidye jesyon nan Inivèsite Kiskeya. Mwen pran yon diplòm nan kominikasyon nan KOPRATEL. Mwen gen yon diplòn nan Kontablite nan Sant Pilòt epi mwen aprann grafis nan Alyans.

Depi kilè ou kòmase nan mouvman lang kreyòl la ?

Relasyon mwen ak lang kreyòl la kòmanse depi m te tou piti. Kote Pè Jan Out (Dirèk 4) te konn resevwa Jounal Bon Nouvèl la nan pawas Saltadè. Lè sa a, Jounal la t ap vann 10 kòb. Se te yon plezi pou mwen apre lamès pou
n al fè distribisyon Jounal la bay peyizan yo. Epi lè mwen te lekòl, se ak pwomosyon pa m nan yo te koumanse ak refòm Bèna a. Sa vle di se nan epòk sa a yo t ap fè eskperyans mete kreyòl nan lekòl yo. Se konsa nou te al
konpoze nan egzamen Leta pou sètifika ansanm ak lòt gwoup ki te nan sistèm fransè a. Nan pwomosyon m nan, nou tout te reyisi. Se yonn nan bagay ki fè nou konprann lè ou aprann nan lang manman ou ou aprann pi byen. Dayè, Rechèch nan lengwistik ak nan syans edikasyon montre nou
aklè se lang manman timoun yo ki ka ba yo fondasyon solid pou yo aprann tout lòt matyè, tankou syans, matematik, literati, epi apran lòt lang tankou franse, angle, panyòl, elatriye.

Sa fè depi konbyen lane ou kòmanse travay nan Jounal Bon Nouvèl ?

Mwen te koumanse travay nan Jounal Bon Nouvèl nan mwa Mas 2002. Se Pè Jan Out ki te mande m vin bay yon koutmen nan Jounal la, Lè sa a mwen pa t reflechi yon segond pou mwen reponn wi. Lè sa a apre anviwon de (2) lane, mwen te pran tèt sal redaksyon Jounal la. Ane sa a fè mwen 16 lane depi m ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la ak kilti pèp ayisyen an. Ki fè, lang kreyòl la makònen ak istwa m kòm moun k ap travay nan Jounal
Bon Nouvèl.

Kòman ou ka dekri eksperyans ou fè nan Jounal Bon Nouvèl nan batay pou lang kreyòl la?

Antre nan Jounal Bon Nouvèl ki te deja rive lwen nan travay pou lang nan vin jwenn vrè plas li nan sosyete a, se pa t yon bagay ki te fasil. Men, ti pa ti pa mwen te koumanse nan travay la, non sèlman mwen te vin renmen l, men tou m te vin konprann li byen. Yon eksperyans ki make mwen se lè mwen te kòmanse antre nan kèk enstitisyon al fè pwomosyon pou Jounal la. Sitou nan lekòl yo, anpil elèv te vin pran gou pou aprann li Jounal men tou jwenn enfòmasyon pou fòmasyon yo. Gen yon ribrik ki rele «konnen
peyi ou», lè m al fè pwomosyon nan zòn yo, gen kèk kote yo resevwa
nou byen men gen lòt kote yo pa aksepte lang nan. Jounen jodiya, se yonn nan ribrik moun yo pa negosye. Batay pou fè aksepte lang nan pa fasil.
Menm si gen anpil batay nou genyen tankou : Konstitisyon an aksepte lang kreyòl la kòm lang ofisyèl peyi a epi tou jodiya nou genyen yon akademi ki pou bay travay k ap fèt yo jarèt. Men ak tout batay sa yo nou poko ka
kriye viktwa.

Apre sa Rektora Inivèsite Leta te koumanse yon Inisyativ pou rive tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an jan Konstitisyon1987 la te prevwa sa. Bon Nouvèl te reponn prezan. Yon komite Inisyativ te mete sou pye, se mwen menm ki te reprezante Jounal Bon Nouvèl. Mwen te gen chans pote konkou
pa mwen nan òganize kòlòk nan oktòk 2011 nan sou akademi an. Apre kòlòk la, mwen te vin manm komite swivi pou tabli akademi an.

Eske eksperyans ou menm ou te fè ak pwogram refòm Bena a montre ou moun ki pale kreyòl pa gen konesans ?

Avan mwen reponn kesyon ou a, m ap di yon bagay, Bon Nouvèl pa sèlman yon Jounal, men li se yon edisyon tou. Nan lane 1982, Karitas sou lobedyans Sè Anjèl, yo te vini ak yon pwogram kote timoun nan ap aprann nan lang
li, nan premye ane yo. Pwogram nan te edite yon seri liv an kreyòl Bon Nouvèl te nan antre nan pwogram eskolè sa a. Li te vin eritye tout liv sa yo. Pwogram nan ansanm ak tout liv sa yo toujou egziste nan Bon Nouvèl. Konsa gen anpil lekòl se Bon Nouvèl ki founi yo liv sa yo tankou : Ench,
Laviktwa, Monben Kwochi, Piyon, Bwadlorens, elatriye. Lè timoun sa yo ki te aprann nan pwogram sa a vin rive nan inivèsite, anpil kesyon toujou poze sou metòd aprantisaj timoun sa yo, tèlman yo fè siksè.

Se pou m montre ou, aprann nan lang ou se yon metòd ki bon anpil. Donk mwen kapab di, toutotan timoun nan aprann nan lang li, n ap kapab dekouvri anpil potansyalite. Tankou nou te di anwo a, rechèch nan lengwistik ak nan syans edikasyon montre nou aklè se lang matènèl
timoun yo ki ka ba yo fondasyon solid pou yo aprann tout lòt matyè. Rechèch sa yo konfime nan Monben Kwochi, Piyon, Laviktwa Bwadlorens, elatriye. Sa gen kèk lane gen yon lekòl nan Monben Kwochi ki itilize pwogram sa a ki te resevwa Plak Onè e Merit pou kalite rezilta elèv lekòl yo bay.

Jounen jodiya ou se yon Fanm ki nome kòm akademisyèn, sa sa vle di pou ou?

Sa vle di travay la pral kontinye. Pou mwen menm se yon gwo viktwa li ye pou Jounal Bon Nouvel paske apre 51 lane depi l ap batay pou lang sa a jwenn vrè plas li nan sosyete a. Li merite sa. Donk viktwa Bon Nouvèl se
yon viktwa pou lang pèp la.

Anpil moun pa konnen si gen anpil liv nan lang kreyòl. Depi ou di lang kreyòl, touswit moun nan wè se pwezi, se blag. Non! Lang kreyòl la pa rete la sèlman. Paske li se yon lang tankou tout lang. Yo tèlman bezwen mete divizyon nan lang nan, yo vini ak kreyòl moun lavil ak kreyòl moun
andeyò. Mwen kontan yo nome m akademisyèn, mwen pral kontinye
travay Jounal Bon Nouvèl la. Nou pral kontinye defann vrè lang pèp ayisyen an.

Nan batay sa a, èske ou kwè toutbon akademi an ka pèmèt sosyete a wè lang Kreyòl la yon lòt jan ?

Yonn nan travay Akademi an se rive fè sa Konstitisyon an mande a. Atik 213 manman lwa peyi a te klè sou kesyon sa : gen yon Akademi ayisyen k ap mete sou pye pou jere lang kreyòl la e pou pèmèt devlopman li nan lòd,
dapre prensip lasyans. Nou ka wè sa nan Atik 5, selon Konstitisyon an, nou gen 2 lang « ofisyèl » (Atik 5). Men, se kreyòl la ki prime kòm lang ki reprezante epi ki ka sèvi tout peyi a.

Kòm fanm k ap batay pou lang kreyol la, Kisa 8 mas siyifi pou ou ?

Jounen sila a reprezante anpil pou mwen. Se yon jounen pou komemore sa fanm yo rache apre anpil goumen pandan plizyè lane. Akote selebrasyon an, se plis yon jounen refleksyon, refleksyon sou dwa yo sou kòman pou nou pwoteje yo, pou gade tou kisa pou korije epi kontinye. Mwen kapab di tou fanm yo jwe yon gwo wòl nan batay lang nan. Lang nan rele lang manman, donk se premye eleman, depi nan non an, yo pa janm di lang papa. Se fanm nan ki premye moun ki transmèt lang nan bay pitit li. Se manman an ki jwe wòl kle nan transmèt yon kilti avèk tout lang nan. Epi
tou menm anndan lekòl yo, ou jwenn fanm yo kòm pwofesè k ap chèche transmèt konesans tou. Dayè, gen plis fi k ap travay nan klas matènèl, nan kindègadenn. Klas matènèl la gen anpil fòs nan fòmasyon edikatif timoun yo ap resevwa.

Ou gen yon dènye mo pou fanatik yo?

Pou mwen menm ekri an kreyòl, pale kreyòl, se yon chans pou plis moun konprann sa nou vle di a. Padwe gen kreyòl lavil ak kreyòl andeyò. Mwen bat bravo pou tout fanm k ap batay pou lang kreyòl la jwenn vrè plas li merite a.

Pè Gari Basyen, CICM
Dirèk 6


Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *