Manno : yon vwa, yon detèminasyon, yon angajman !

Manno Chalmay (Joseph Emmanuel Charlemagne) se yon atis, chantè, konpozitè angaje ki pase anviwon 40 lane nan lavi l ap denonse enjistis ak inegalite sosyal nan peyi d Ayiti. Yon gita ak vwa l, se de (2) enstriman sa yo Manno te itilize pou fè pase mesaj byenèt, lanmou ak solidarite, mesaj viv ansanm… yon maladi kansè nan poumon etenn souf li nan yon lopital Mayami fen ane 2017 la. Men mizik li rete yon patrimwàn, yon richès kiltirèl k ap dire pou toutan gentan. Yon kout je sou chantè angaje a.

Gouvènman Repiblik la òganize fineray nasyonal pou Manno Chalmay, jounen 22 desanm 2017 la, nan Kyòs Oksid Janti (Channmas) an prezans plizyè pèsonalite, pami yo Minis Kilti ak Kominikasyon, Limonn Tousen,
majistra Pòtoprens la, Youri Chevri, ansyen prezidan Michèl Mateli ak Madanm li Sofya, ansyen Minis Afè sosyal sou Mateli, Viktò Benwa, anpil kanmarad konba, elatriye.

Se Pyè Nwèl Byenenme (Pierre Noël Bien-Aimé), yon prèt vodou ki te chante antèman an sou siy “selebrasyon lavi Manno Chalmay”. Manno travèse kite
yon patrimwàn mizikal mondyal, inivèsèl. Se toupatou y ap pale de zèv Manno. Yonn nan egzanp nou ka site, se jounal ameriken Mayami Eral (Miami Herald) ki kalifye Manno Chalmay: Bòb Male (Bob Marley) Ayisyen.

Kiyès Manno Chalmay ye?

Manno fèt Pòtoprens nan dat 14 avril 1948. Yon kansè nan poumon pote l ale nan yon lopital Mayami (Etazini) nan dat 10 desanm 2017, ak 69 rekòt kafe. Li ale kite popilasyon an nan dèy ak tristès. Manno se yon modèl angajman ak detèminasyon nan fason li te konn chante.

Manno eksprime nan chanson l yo, doulè, laperèz ak rèv sosyete a pou yon demen miyò e pou peyi a byen fonksyone. Nan sans sa a, plizyè otè konsidere Manno tankou yon gwo defansè demokrasi ak dwa lapawòl. Atis
angaje a pale pawòl plizyè milye moun diktati Divalye a te mete baboukèt nan bouch yo.

Manno se senbòl kouraj, solidarite, patriyotis… yon seri valè ki gen tandans disparèt nan sosyete a. Kouman pou yon moun ta bliye sakrifis Manno fè nan fason l ekspoze tèt li pou denonse rejim Divalye yo nan chanson l yo. Chak prestasyon mizikal li yo te pote revandikasyon popilè, malgre represyon rejim nan. Vwa Manno ak melodi mizik li te sifi pa t janm sispann chatouye konsyans popilè a.

Menm jan avèk anpil jèn nan epòk li, Manno sibi anpil abi nan men tonton makout yo. Nan ane 1963, nan laj 14-15, yo arete l, tòtire l, mete l nan prizon pou konviksyon ak priz pozisyon l. men li pa t janm dekouraje. Manno egzile nan ane 1980, li retounen an Ayiti an 1986, yon mwa apre Jan Klod fin pati kite peyi a. Nan lane 1991, Manno retounen pran wout egzil.

Plizyè evènman malere make lavi Manno. Dayè li pa janm konnen papa l, alòske tou piti, manman l te konfye l bay yon matant pou al chache lavi miyò kay Tonton Sam. Manno grandi nan yon anbyans chan tradisyonèl ki te make anfans li. Plizyè atis tankou Annsi Dewoz, Rawoul Giyòm, Jera Dipèvil, Gi Diwozye, Isa Elsaye, Elatriye, enfliyanse estil Manno.

Lòt kalite, Manno te renmen li anpil, se pou sa li te konn mare zanmitay ak moun ki nan domèn lèt tankou ekriven Lyonèl Twouyo, istoryen Michèl Souka, oubyen jounalis Antoni Paskal alyas konpè Filo, Richa Brison
elatriye. Deja, nan ane 70 yo, li patisipe nan plizyè mouvman kiltirèl, pami yo, kilti Libète. Men mizik la te okipe plis espas lakay Manno. Nan jenès li, li kontribiye pou remete an valè mizik tradisyonèl lakanpay ki se twoubadou.

Kisa ki nan chanson Manno yo?

Anplis atis chantè, Manno se yon pawolye. Li konvèti pwezi an chanson. Yon pwofesyonèl ki kwè nan travay ak pwodwi bon kalite. Pa gen yon sijè revandikatif li pa touche.

Nan dwa de lòm, Manno envite popilasyon an pran konsyans sou eta yo, epi revòlte:
Dwa de lòm se konsa l rele,
Lamayòt pou timoun fwonte,
Apre 200 zan sa n regle?
Nèg vle fè n konnen solèy se Bondyeee…

Se menm kri revòlt sa a nou jwenn nan “nan malè m ye”
Nan male m ye, fò m soti la,Pa tafya koudya eyyy,
Ni kandida eyyy
K ap wete m la,
Lavi k pou chanje adye
Pou yon ale mye,
Se pou n revandike

Manno touche òganizasyon entènasyonal yo k ap pwoteje gouvènman yo kont enterè popilasyon an:

Òganizasyon mondyal yo malfektè
yo ye,
Sa la pou ede vòlè yo piye devoreee
Yo fè reyinyon, yo pale yo ranse
Devan vè chanpay ak diven enpòte…

Manno pase pran entelektyèl san konsyans ki prefere fè jwèt ti lolit gwo trip yo, olye yo kontribiye pou amelyore kondisyon sosyal moun ki pi pòv yo.

Sou chak 5 000 entèlektyèl,
4900 nan komokyèl,
Yon bann tyoul ki san règ san
fyèl …

Manno, malgre fòs pawòl li nan denonse enjistis, inegalite ak move kondisyon lavi pòv nan chanson l yo, rete yon moun ki sansib anpil. Dayè sansiblite sa a travèse prèske tout zèv li, kit nou pran “Nwèl anmè”, “Ban m
yon ti limyè”, elatriye. Se ak anpil tristès ak kè sere l ap chante manman

Poukisa w pa kriye Manman,
Poukisa w pa rele manman,
Mizè pa dwe fè kè w kontan, Mizè sa a kenbe mwen trip,
soufrans k ap twonse kòd lonbrit,
ou reziste, mes compliments!

Rapò ak lang kreyòl

Yonn nan pi gwo fòs Manno Chalmay, se metriz lang kreyòl la, kapasite l genyen pou l jwe ak mo yo, pawòl pou fè yo tounen pwezi. Chak tèks li chante se yon bèl zèv ki fè plezi ak zòrèy moun lè ou ap tande l. Manno
pa t prèske chante an franse. Se lang tout ayisyen kèlkeswa koulè ou, ran sosyal ou, oubyen volim lajan ou genyen, ou ka konprann li, se lang sa a Manno chwazi pou chante.

Pa gen sijè ki sekrè pou Manno, kèlkeswa tèm nan, tout pase anba men Manno nan yon kreyòl k ap chatouye zòrèy moun ki renmen mizik. Ak Manno, chak mo, chak pawòl tounen pwezi.

Manno itilize yon seri imaj nan lang kreyòl la, li menm sèl ki gen sekrè a, pou l fè revandikasyon pase. Nou ka site:

Lajenès pa inosan,
Lajenès pa ka inosan,
Fòk li pa enkonsyan…,
Labanyè viktwa dwe nan men li.

Kòm kwa, laj jenès, se laj angajman, se laj denonsyasyon, se laj moun pran risk, se laj revòlt. Se laj aksyon ki ka mennen chanjman toutbon pou yon peyi.

Temwayaj yon ansyen konpayon Manno

Ekriven Lyonèl Twouyo ak Istoryen Michèl Souka, te konn akonpaye Manno nan premye prestasyon l yo, dayè, selon yon temwyaj ekriven an nan jounal
“Le Nouvelliste”, se yo de (2) a ki mennen Manno ak konpayèl li Mako al anrejistre chanson pou premye plak yo nan rezidans prive Rawoul Deni (Raoul Denis). Nou nan ane 1978, kote diktati a t ap fè raj. Se yon aktivite ki fèt nan nwit e an kachèt.

Yon lòt swa, pandan Manno ap pèfòme nan yon sal sinema Kafou, bri kouri di makout lage deyè chantè a. Fòk Manno kite sèn nan touswit, sinon makout yo t ap gen rezon sou li. Men, jan Lyonèl Twouyo rapòte sa, Manno
te takinan anpil, pafwa, nan debòdman l yo, li kite foli mennen l. Li marande vwa pwisan l, ak fòs chanson l yo pou denonse diktati. Pèsonn pa t vle oze rive kot Manno pou di l fè yon kanpe, fò l kraze rak. Manno, menm lè se pou byen l, fòk ou nan goumen avèk li pou ou fè l dakò. Li tande vwa larezon, lè Lyonèl Twouyo oze moute sèn nan pou glise nouvèl la nan zòrèy li.

Lavi Manno Chalmay sou Diktati Janklod Divalye, se te prèske konsa l dewoule. An kachèt toutan, nan kouri toutan, men l pa janm fatige denonse rejim bout di a. Nan yon chanm kay, nan lakou, oubyen kay boujwa pwogresis, te toujou gen pòt k ap ouvè pou Manno pote pawòl la. Pawòl
moun ki pi pòv yo, moun yo eksplwate yo, moun y ap vyole dwa yo tout tan… Ekriven an note de (2) sijè fondamantal ou jwenn nan chanson Manno yo: revòl ak blesi, nan yon moman kote larichès ak presyon yon ti gwoup, enpoze gras ak zam fann fwa, silans ak majorite a.

Sou diktati a, Janklod Divalye, Manno se te vwa defi, ensolans, risk chak jou. Yon vwa ki te ka twoke lapawòl ak diskou diktatoryal la malgre konsekans sa ta ka gen sou lavi l… Manno se yon vwa ki soti nan lari, yon manifestasyon toujou kont makout, eksplwatasyon, laperèz…

Men, kritik pa epanye Manno. Se te yon fawouch opozan enperyalis. Kritik yo akize l enperyalis ameriken li t ap denonse avèk fòs e detèminasyon nan jenès li, nan chanson l yo, e menm lè li te majistra Pòtoprens (1995-1999),
se kay ameriken li trete, se lakay enperyalis la li mouri, li te menm pran nasyonlite ameriken.

Nan premye lekti, kritik yo gen rezon, men yo pa konnen tou tout fristrasyon ak desepsyon Manno, lè swadizan sektè demokratik, oubyen nèg ki t ap goumen bò kote, galvoday yo fè nan pouvwa, kote kondisyon mas pèp la pa chanje vre, edikasyon popilè a pa fèt. Ti nèg plis vin jere pòch
olye yo rezoud pwoblèm sante, grangou, edikasyon, jistis, elatriye.
Apre yon kansè l sipòte pandan plizyè mwa, Manno travèse al tann nou lòtbò a.

NB: enfòmasyon yo soti nan plizyè sous
Ladenson Flerival

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *