Dekouvri fas kache Janrabèl pou n ka apresye komin sa a !!!

Fason nou konn tande pale sou Janrabèl pa pèmèt nou konnen tout valè komin sa a. Nan dezyèm atik n ap prezante sou li, n ap chita sou evènman istorik ki te dewoule ladan l, pase nan rès konstriksyon kolonyal ki ta ka atire touris, lespri travay kominotè legliz katolik te mete nan tèt moun yo atravè mouvman JOK, rive nan tout kalite manje ki gen nan Janrabèl, se de (2) je ou ki pou ba ou.

Janrabèl ki pote non ansyen kolon blan ki te kantone nan zòn nan, se yon gwo komin ki gen sèt (7) seksyon kominal. Anpil nan lokalite ak abitasyon komin nan, se non kolon yo pote tou. Seksyon kominal yo gen anpil mòn epi yo gwo anpil. Sa lakòz li pa fasil pou ou soti nan yon kwen al nan yon lòt. Pozisyon jewografik Janrabèl fè li viktim pafwa paske li benefisye lapli gras ak siklòn. Janrabèl se grenye depatman Nòdwès la. Malgre sechrès ki konn frape fò, gras ak rivyè ki genyen nan komin nan, se li ki bay Pòdepè ak Pòtoprens bannann.

Janrabèl, komin istorik

Janrabèl gen anpil zòn istorik ladan. Gen mòn masak, pa egzanp, yo rele l konsa paske lè esklav yo te fin ede afranchi yo bat kolon blan yo, yo te jete kò yo sou Mòl Sen Nikola. Kolon blan yo te kouri dèyè esklav yo, yo te vin masakre yo la a nan ti mòn sa a. Se la a menm yo te touye 300 esklav Swis yo. Gen kèk gwòt nan zòn Akadyen. Gen yon baraj ki te fèt depi sou tan lakoloni, yon kote yo rele Nan Miray. Istwa fè nou konnen anba miray sa a gen ja. Gen gwo gwòt tou anlè mòn nan sou zòn Lamontay. Men pèsonn pa
konnen kijan yo fè egziste.

Gen kèk ansyen konstwiksyon ki te fèt depi sou tan kolonyal nan zòn Mòvan (sou abitasyon Pize, nan seksyon Lakoma). Azèk Wilfrid Vètilis (Wilfrid Vertilus ak anse-yan Edè Simon (Hédaire Simon) ki te mennen nou nan espas yo fè nou konnen gran paran yo te di se fòs kouraj esklav yo ki te fè travay sa yo. Nan menm zòn nan, nou jwenn tou kèk pyès kanno ki rete toujou.Tout bagay sa yo te ka mete lajan nan kès komin nan ak peyi a si nou te deside fè Ayiti tounen yon kote k ap akeyi touris toutbon vre.

Potansyalite Janrabèl pa mens ditou

Nan Janrabèl, gen rivyè : gran rivyè, Kwakou, nan sab, Soval. Gen anpil sab nan rivyè yo. Se Janrabèl ki bay Mòl Sen Nikola sab. Gen yon min wòch nan zon Bèl Doren kote moun yo pran pou yo konstwi kay. Gen lapèch, men li pa devlope paske moun yo pa gen materyèl pou yo fè sa byen. Anpil fwa se ti pwason piti yo rive kenbe paske gwo pwason yo nan mitan lanmè, yo pa ka jwenn yo ak mwayen yo genyen an. Lè lapli tonbe anpil, peyizan yo konn antre anpil kòb nan zangi paske yo sèvi ak je bèt sa a pou fè pyè mete nan bag, zanno ak lòt bijou ankò.

Kèk nan pwoblèm komin Janrabèl

Nan nivo enfrastrikti, pa gen anpil bagay ki egziste nan Janrabèl. Sitiyasyon
wout nan komin Janrabèl bay tèt fè mal. « Nan nivo wout, gen de (2) wout nasyonal ki mennen nan Pòtoprens : se wout ki pase Pòdepè a ak sa ki pase Ans Wouj la. Tout wout sa yo fèt an tè, yo pa bon ditou. Pa gen moun ki pou panse pou yo. «Nou pa gen moun ki pou fè presyon sou gouvènman an pou fè l panse ak wout Nòdwès », deklarasyon Klebè Sena, Direktè jeneral Meri Janrabèl.

Gen yon lopital ki se yon lopital referans, men kondisyon yo pa reyini pou sa. Pa gen resous vre. Pa gen okenn plas piblik nan Janrabèl, pa gen yon konplèks administratif kote pou tout biwo leta yo ta rasanble. Pa gen yon DGI, gen sèlman yon ti chanm yo lwe kote se yon sèl moun ki ladan. Moun yo pa ka benefisye sèvis yo vre. Pa gen okenn bank komèsyal nan vil la.

Mesye Sena pa kache enkyetid li pou anpil mank li konstate nan komin li a. « Pa gen lekòl pwofesyonèl, ni Inivèsite nan Janrabèl. Sa lakòz jèn yo oblije deplase al nan kapital la pou etidye. Pafwa yo mouri anba grangou, sitou lè
gen pwoblèm move tan, nou pa ka pote anyen ba yo. Nou gen yon sistèm dlo pou moun bwè ki te fèt pou 900 moun, kounyeya a vil la gen anviwon 20000 moun. Gen seksyon kominal ki pa gen dlo, pa gen dispansè. Gen seksyon ki gen yon sèl lekòl nasyonal, sa fè timoun yo mache anpil pou y al
lekòl. Anndan bouk la, nou gen yon mache ki bay anpil pwoblèm, se nan mitan lari a li ye. «Nou pa ka jwenn mwayen pou n konstwi yon mache modèn. Nou gen 2 lise nan komin nan ki pa gen lokal, se sou non yo egziste », pawòl Direktè Jeneral Meri a.

Devan tout pwoblèm sa yo, Mesye Klebè Sena fè konnen komin nan gen anpil ONG men li pa vrèman wè kisa y ap regle paske anpil fwa yo aji nan kesyon ijans, yo pa fè devlopman. Meri a gen yon plan devlopman se vre, men lè ONG yo vini, yo pa ka antre nan plan li a paske enstans ki bay lajan yo gentan di kisa pou yo fè ak lajan an.

Legliz Katolik Janrabèl / Sous foto : Entènèt

Wòl Legliz Katolik nan komin Janrabèl

Ane sa a, pawas Sen Janbatis nan Janrabèl ap selebre 290 lane egzistans li. Daprè sakristen Palveri Flerime (Palvéry Fleurimé), tout moun konnen sou non Ti Pal, “Devlopman Janrabèl soti nan legliz. Lè elèv pa t ka pase nan sètifika, nou te mete sou pye yon ti lekòl anba yon pye mango. Se konsa elèv te kòmanse ap reyisi nan sètifika. Apre sa nou te vin fòme kèk ti lekòl presbiteral ak kèk dispansè, nan zòn andeyò yo. Lè pè pa t ka kontinye peyi yo, yo te vin tounen lekòl nasyonal. Se gras ak lekòl sa yo nou vin kòmanse gen moun k ap poze kandida pou depite, pou senatè, majistra. Gen nèg ki vin pè, enjenyè, agwonòm, elatriye. Se yon bèl lit legliz te mennen. Malerezman lè nèg yo vin sou pouvwa yo pa fè anyen pou amelyore
kondisyon lavi mas pèp la”, pawòl Palveri Flerime.

Dapre Palveri Flerime, sakristen nan pawas la ak Jeral Jis (Gérald Juste) ki se sekretè biwo pawasyal la, se legliz katolik ki te toujou devan pou lanse inisyativ ki pral debouche sou chimen devlopman. Lè move dlo t ap mennen moun nan simityè san rete, se legliz katolik ki t al chèche èd nan payi Lafrans pou mennen bon dlo pou moun bwè nan bouk Janrabèl. Nan
kad mouvan JOK ki chita anndan legliz katolik la, Ti Pal te mobilize jèn yo pou pèse wout antre nan tout seksyon komin Janrabèl. Soti depi sou Pè Konè (Cornet) rive sou pè Zakari Senjan (Zacharie St Jean) ki kire pawas la Jodiya, legliz la pa janm rate maryaj ant misyon evanjelizasyon an ak misyon sosyal la nan komin Janrabèl.

Malgre tout potansyalite Janrabèl, tout valè istorik li, li rete yon komin pòv. Povrete a kwaze pye l sitou nan seksyon kominal yo. Ankadreman peyizan yo pa genyen pou yo travay latè, wout yo ki pa bon ditou, kay yo ki twonpe solèy men ki pa ka twonpe lapli, bouton ki leve nan tèt timoun yo ak sou tout pati nan kò yo ak gratèl k ap frape tout moun, se kèk nan gwo pwoblèm k ap brase bil komin Janrabèl. Anba tout difikilte sa yo, moun yo rete byen akeyan, yo pa pèdi nan souri yo toujou genyen sou vizaj yo.

Senjan Lerisen

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *