6 NOUVO AKADEMISYEN ANTRE NAN AKA !

Lang manman nan edikasyon : Wi. Aprann se konprann. Se ak tèm sa a Akademi Kreyòl Ayisyen an te selebre Jounen Entènasyonal Lang Matènèl (21 fevriye 2018) nan sant konvansyon BRH (Bank Repiblik Ayiti) la, kote li te pwofite enstale 6 nouvo Akademisyen ak 12 manm Konsèy Konsiltatif.

21 fevriye se Jounen Entènasyonal Lang Matènèl. Nan okazyon an, UNESCO te pwofite fè konnen nesesite ki genyen pou fè pwomosyon pou anpil lang dekwa pou yo reyalize objektif sou devlopman dirab yo. Nan peyi d ayiti yo mete aksan sou defi ki genyen pou fè lang kreyòl ayisyen an vin lang pou yo anseye epi pou lang kreyòl la jwenn yon bon plas sou plan entènasyonal.

Jounen Entènasyonal Lang Manman an te pran nesans nan Konferans Jeneral Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti (UNESCO) nan mwa novanm 1999. Yo selebre l chak ane depi nan mwa fevriye 2000.
Yo te chwazi dat 21 fevriye a pou yo rann omaj bay etidyan lapolis nan peyi Daka te touye, alòske yo t ap manifeste pou lang manman yo ki rele Benngali te vin dezyèm lang nasyonal.

Nan okazyon an, se nan yon anbyans dans fòlklorik ayisyen, chante ak cho tanbou, AKA te pwofite pou enstale yon konsèy konsiltatif ki gen 12 manm ladan. Akademisyen Jera Mari Tadye (Gerard Mari Tardieu), nan non AKA te pwofite onore de (2) gwo ekriven ayisyen ki te travay anpil pou defann lang kreyòl la nan tout zèv yo. Se Jòj Kastra (Georges Castera) ak Emil Selesten Meji (Emile Celestin Megie) se de (2) potorik gason sa yo AKA
te onore nan okazyon an.

Wozilya Franswa Kònèy (Rosilia. Francois Corneille) (Jounal Bon Nouvèl), Rachèl Dousèt (Rachelle Charlier Doucet) (Fondasyon Kilti Kreyasyon), Pòl Antwàn (Paul Antoine) (Enstiti Filozofi Salezyen), Dominik Batelemi
(Dominique Barthélemy) (Asosyasyon Pwofesè Lang Kreyòl nan Nò ak Nòdès), Èns Mèvil (Ernst Merville) (Tanbou Literè), se 5 nouvo Akademisyen sa yo, AKA te enstale pandan seremoni sa a. Men Rachèl Bovwa Dominik
(Rachelle Beauvoir Dominique) (Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan
Ayisyen), se yonn nan 6 moun ki te dwe enstale kòm Akademisyen men ki te mouri jou ki te 5 janvye 2018 la, men li toujou konsidere kòm Akademisyèn pou AKA. Yo te pran yon moman silans nan memwa Rachèl pou tout travay li te reyalize nan lang kreyòl la.

Powèt Klotè Senatis (Clautaire Senatus), yonn nan akademisyen yo, te pale sou yon seri aktivite AKA deja tanmen fè sou 10 depatman peyi a pou enfome popilasyon an sou enpòtans lang kreyòl la nan ansèyman. Li fè sonje tou rechèch syantifik yo nan domèn edikasyon montre, pou ou kapab pi efikas, aprantisaj la dwe fèt nan lang manman yo. Li te denonse tou pratik nan lekòl yo kote y ap pini elèv ki pale kreyòl nan klas yo oubyen nan lakou lekòl yo ki poko janm sispann. Akademisyen an lanse yon apèl bay reskonsab lekòl yo pou fini ak diskriminasyon sa yo.

Akademisyèn Dousèt te pran lapawòl nan non 5 akademisyen yo
Sous foto : Pè Gari Basyen

Nan menm sans sa a, Minis Kilti a, Limon Tousen(Limond Toussaint) te pale sou dimansyon lang manman genyen. Li te deklare : Lang manman se yon pon nan listwa ki makonnen tout jenerasyon yo ansanm. Li fè konnen
tou lang nan se fyète nou, se li ki fè nou sa nou ye, li charye tout tradisyon nou yo, mès nou yo, ak koutim nou yo. Se sa Minis la te deklare.

Nan menm sans pou fè pwomosyon pou lang kreyòl la, Minis Kilti a, wè nan tèm yo kenbe pou gran selebrasyon sa a, ki se : Wi. Aprann se konprann, li wè nesesite pou ranfòse tradiksyon, redaksyon liv pou timoun aprann an kreyòl. Li kwè bò kote lòt lang yo, lang kreyòl la ap fasilite yon pi bon konpreyansyon nan matyè y ap anseye yo.

Nan lide pou fè pwomosyon epi bay lang kreyòl la valè li merite, Prezidan egzekitif AKA a, Pastè Poris Janbatis, nan diskou li te bay nan okazyon an te mande Leta ayisyen defann lide pou kreyòl ayisyen an vin yon lang travay anndan KARIKOM nan. Li te fè sonje se an Ayiti 29èm sesyon konferans chèf leta ak gouvènman yo t ap fèt nan dat 26 ak 27 fevriye 2018 la nan Pòtoprens. Pastè Poris ankouraje otorite ayisyen yo pou yo pwofite okazyon sa a pou prezante demand sa a. Si yo akòde lang kreyòl la estati sa a, l ap favorize kreyasyon anplwa nan domèn tankou tradiksyon pou ayisyen yo, epi mache rejyonal la kapab tounen, selon li menm yon espas pou fè pwomosyon lang kreyòl la, menm pou fè etikèt nan pwodwi komèsyal yo. Prezidan Egzekitif AKA a kwè desizyon sa a ap bon pou peyi a anpil. Demand sa a te jwenn anpil aplodisman bò kote piblik la.

Nou kapab di depi AKA egziste, li pa sispann travay pou lang kreyòl la monte pi wo. Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal lang manman yo toujou, yon fwa ankò AKA renouvle volonte li genyen pou l kapab fè pwomosyon pou lang kreyòl Ayisyen an.

Jounen jodiya AKA genyen 36 manm. Selon lalwa, enstitisyon sa a dwe gen ladan li pou pi piti 33 epi pou pi plis 55 manm. De (2) nan 33 akademisyen ki te enstale nan dat 4 desanm 2014 yo, Klod Pyè (Claude Pierre) ak Maks Bovwa (Max Beauvoir) te mouri. Epi pa twò lontan antwopològ Rachèl Bovwa Dominik ki te dwe antre kòm akademisyèn nan AKA te mouri jou ki te 5 janvye 2018.

Franswa Wozilya

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *