Inivèsite Nòtredam Ench: syans ak teknik nan sèvis moun

Mwa Me se mwa fèt inivèsite ak lajenès. Nan okazyon sa a Jounal Bon Nouvèl te vizite inivèsite Nòtredam Ench la, li te pale ak Pè Eral Jan (Hérald Jean), ki se Visrektè egzekitif UDERS la (Inite dyosezen pou ansèyman, rechèch ak sèvis). Li vin pataje ak nou prezans Inivèsite Katolik la nan Depatman Sant la ak sa li ofri popilasyon an.

1. Kòmansman inivèsite Nòtredam nan Ench

Inivèsite a ouvri pòt li ofisyèlman nan Vil Ench nan dat ki te 22 oktòb 2012 la. Li te gen kòm objektif ranfòse fò­masyon inivèsitè nan dyosèz Ench la. Popilasyon an t ap reve depi trè lon­tan pou Legliz la te mete yon invèsite nan zòn nan. Se yon branch nan ini­vèsite Nòtredam ki vle mete bon jan fòmasyon inivèsitè nan tout dis (10) depatman peyi a ak sa yo rele Uders yo (Inite dyosezen pou ansèyman, re­chèch ak sèvis). Sèt (7) ane apre depi li te kòmanse nan vil Ench jodiya li gen yon idantite pwòp.

2. Kisa li pote epi ki wòl li jwe anplis nan inivèsite a ak nan peyi a ?

Pè Eral Jan fè nou konnen san (100) ane anvan, Ayiti se te sèl peyi nan tout Karayib la ki te gen yon Lekòl Biyoloji medikal. Kounye a san (100) ane aprè, Ayiti se sèl peyi nan tout Karayib la ki pa gen yon lekòl biyoloji medikal. Se konsa nan lane 2012 Ini­vèsite Nòtredam nan Ench vini ak yon Lekòl Biyoloji medikal pou reponn yon bezwen ijan non sèlman anndan inivèsite a menm, men tou nan tout peyi d Ayiti. Pè Eral fè nou konprann, se premye inivèsite k ap devlope tout­bon vrè vokasyon inivèsite Nòtredam nan fason l ap sèvi popilasyon an. Inivèsite a kreye yon klinik k ap bay popilasyon an sèvis, yon Laboratwa k ap fè analiz, k ap devlope yon lòt sè­vis ki se recho solèy ak gaz natirèl. Pa gen okenn lòt Inivèsite ki fè sa deja. Sa a se yon pwojè nou vle devlope anndan tout inivèsite a pou mete yon biyodijestè nan tout depatman ini­vèsite a.

3. Syans ak teknik pou tranfòme an­viwònman an

Inivèsite a jwe yon wòl enpòtan nan fason l ap itilize syans pou transfòme anviwònman n ap viv la. Nou kapab di lasyans se sa ki fòs inivèsite Nòtre­dam nan Ench. Nou detèmine anpil nan domèn sa a e se sa ki fè gen anpil kontak k ap fèt ak anpil lòt inivèsite nan mond nan pou travay epi fè re­chèch ansanm. Yonn nan patenarya ki pi resan n ap travay sou li se ak Inivèsite Massachusets (UMAS) ki ak­septe bay pwofesè UNDH – Ench yo fòmasyon lakay yo, pou mete an plas yon pwojè ansanm sou rechèch nan domèn syans biyoloji molekilè.

Gen lòt patenarya ak lòt inivèsite ki nan Sid Florida k ap devlope enèji natirèl, ki bay UNDH bonjan fòma­syon nan domèn syantifik epi ki bay kou a distans (entènèt – Skype) nan inivèsite a sou zafè biyogaz ak recho solèy yo. Genyen yon komite ki fòme ant ansyen ak nouvo etidyan, mete ansanm ak pwofesè nan domèn nan, pou resevwa konesans yo, epi yo menm tou yo travay ak lòt etidyan yo. Se yon eksperyans ki enpòtan an­pil pou nou nan Inivèsite a epi li gen anpil avni ni pou Uders Ench la ni pou Inivèsite Nòtredam an jeneral.

4. Estrikti inivèsite a nan Ench

Inivèsite a pou moman sa a gen twa opsyon: yon fakilte biyoloji, yon fakilte syans enfimyè, epi yon lekòl biyosyans (Bio-science). Jounen jodi­ya gen 260 etidyan ki distribiye nan twa opsyon yo. Men kòm lekòl biyo­syans la nouvo, poko gen anpil moun ki konnen l. Pè Eral fè nou konprann li toujou difisil lè ou vini ak yon ba­gay nouvo, l ap pran tan pou anpil jèn chwazi opsyon sa a. Li di nan Uders Ench la yo pa la pou fè sa tout moun fè, yo vini pou inove, pote yon diplis nan inivèsite a.

Doktè Benn Ali Telis ( Ben Ali Thelus), direktè klinik UDERS Ench la
Sous foto : Pè Gari Basyen

Inivèsite a gen yon Laboratwa didaktik, klinik ak rechèch. Se Jesnè Pyè (Jesner Pierre) ki se yon biyolojis medikal ki reskonsab. Yo konsidere li tankou motè inivèsite Ench la. Se li ki sèvi pou bay etidyan ki nan fakilte biyoloji yo ak lekòl biyo-syans yo fò­masyon. Se ladan li yo fè tout analiz tankou : bilan renal, bilan epatit, bi­lan òmonal(FSH, LH) yo, bilan tiwo-yidyen, bilan lipidik, elatriye. Yo gen yon seksyon bakteryoloji ki pèmèt yo detekte, non sèlman ki bakteri k ap bay moun nan pwoblèm, men tou, l ap kapab di ki tip medikaman (anti­biyotik ki sansib avè l), k ap konbat kalite bakteri sa sou moun nan, paske yo genyen antibiyogram nan ivivèsite a pou sa. Yo gen espas ak materyèl pou fè etid ak tès chimik yo. Labo­ratwa sa se nannan inivèsite a li ye, menm jan li se motè tout sant sante oubyen tout lopital.

Laboratwa sa jwe yon gwo wòl nan inivèsite a, men tou li sèvi anpil lopi­tal nan zòn plato santral la. Paske tès yo fè nan inivèsite a se yo ki pi pouse, epi yo pi fyab. Yo jwenn demand ki soti nan gran lopital tankou: Pòto-prens, Mibalè, Piyon, elatriye. Men sèl bagay yo verifye si tib yo fè prelèv­man an pa ekspire. Si yo ta dekouvri sa, yo p ap fè etid la. Se yon fason pou etidyan yo kapab aprann epi konprann nan ki kondisyon pou yo fè kalite etid sa yo.

Kisa lekòl biyosyans la ye? Se syans lavi, men sa yo fè nan inivèsite Ench la se sitou aspè pwoteksyon anvi­wònman an ak biyodijestè, pou fè re­cho solèy. Yo itilize enèji solèy la pou moun kapab fè manje san pwoblèm. Etidyan yo aprann fè klò, savon likid, diferan tip detèjan tankou mistolin. Y ap travay kounye a ak yon metòd pou seche fwi tankou bannann, mango, yon fason pou yo kapab konsève yo. Biyosyans la ede etidyan yo reponn ak anpil bezwen nan anviwònman yo a. Etidyan yo aprann fè prelèvman pou detekte bakteri ki gen nan dlo, pou verifye kalite dlo y ap bwè a. Yo apran fè tès biyoloji molekilè. Tout etidyan yo resevwa fòmasyon sou sosyoloji anviwònmantal. Yo itilize fatra (dechè òganik yo) nan yon biyodijestè pou pwodwi gaz, epi fè fatra a vin tounen angrè pou yo itilize nan yon jaden demonstrasyon yo genyen.

Nan kèk mo, nou kapab di Laboratwa Inivèsite Nòtredam Ench la chèche reponn twa objektif prensipal: dida­ktik pou fòme etidyan yo, pèmèt yo epi aprann yo fè rechèch, bay popila­syon an sèvis. Se pou sa yo gen yon klinik nan vil Ench pou reponn objek­tif Inivèsite Nòtredam fikse yo depi nan kòmansman. Se yon laboratwa ki gen yon bon nivo, yo rekonèt ki bay bonjan rezilta nan domèn li epi tou yo jwenn asistans nan men Labora-twa nasyonal.

5. An nou pale sou enfrastrikti Ini­vèsite a

Premye bagay ki kapab di, Inivèsite a chita sou 10 kawo tè ansanm ak yon pawas ki gen yon lekòl primè ki gen 4 kawo tè tou. Se yon total 14 kawo tè pou Inivèsite a, ki chita nan yon zòn yo rele Sapatè. Yo te kòmanse kons-twi depi nan premye ane fondasyon an pou rive twazyèm ane a kote pre­mye gwo enfrastrikti ki te fini an bay inivèsite a kapasite pou akeyi tout etidyan yo. Se apre yo vin konstwi yon sal polivalan kote ou ap jwenn yon kafeterya, yon sal konferans ki sèvi tou pou di lamès de (2) fwa nan semèn nan. Se la nou jwenn yon sèvis pou akonpayman espirityèl etidyan yo. Gen yon lòt sal ki te vin konstwi ki rele sal demonstrasyon pou enfimyè yo. Genyen moun ki rele l sal estima­syon oubyen laboratwa pratik. Epi laboratwa nou genyen an se Konfe-rans episkopal Itali a ki te finanse tout materyèl yo, ki pèmèt yo bay bon jan rezilta sa yo.

Etidyan yo nan Inivèsite a / Sous foto : Pè Gari Basyen

Inivèsite a toujou gen mank, pa eg­zanp yo poko genyen yon blòk pou administrasyon an. Biwo yo epapiye nan espas la. Se rèv sa ki genyen nan moman sa ak devlòpman lòt fakilte tankou yon Lekòl antreprenarya, pou moun aprann fè biznis. Pè Eral di li ta renmen jèn yo sispann ak lide si yo pa anboche yo, yo tout chita lakay yo oubyen pati kite peyi a, pou yo kon­nen kòman pou yo jere biznis pou l pa fè fayit, elatriye. Yonn nan fakilte yo ta renmen mete sou pye tou, se yon Lekòl Medsin veterinè nan Plato San­tral, paske yonn nan pi gwo biznis ki gen nan zòn nan se elvaj , pou moun yo aprann tou fè biznis ak bèt yo leve nan anviwònman yo a.

6. Kò pwofesè inivèsite a nan Ench

Nou te mande Pè Eral si li gen es­trikti, enfrastrikti ak etidyan, ki kote pwofesè li yo soti? Li te reponn nou, li rekrite yo toupatou nan peyi a. Se pou sa li lwe yon kay nan vil la pou loje yo, paske yo pa moun Ench. Gen nan yo soti Pòtoprens, Okap, Okay, men gen sa ki soti Etazini tou. Sila yo se benevòl yo ye, se moun ki vle rann peyi a sèvis, yo pran randevou chak ane pou vin bay fòmasyon. Gen nan yo ki gen orijin ayisyèn, gen lòt se blan meriken yo ye. Se pou sa nou oblije mete yon kou anglè nan Inivèsite a pou fasilite etidyan yo konprann kou yo, epi nou mete an plis yon gwoup ki pou fè tradiksyon pou etidyan yo tou. Se nan sans sa yo anonse efò k ap fèt pou gen yon enstiti anglè nan Ench.

Yon lòt feblès Inivèsite a se kapa­site finansman li genyen pou peye anplwaye ak pwofesè yo k ap tra­vay ladan li. Pi fò pwofesè yo travay prèske tankou benevòl, paske yo pa gen mwayen pou peye yo jan sa ta dwe ye. Menm jan rektè inivèsite a, Janmari Lwi te di li, yon inivèsite pa ka mache ak ekolaj sèlman. Se nan sans sa, yo mete yon klinik sou pye k ap pèmèt yo reponn ak bezwen dida­ktik yo, achte reyaktif pou etidyan yo fè pratik. Se menm reyaktif ki achte pou fè analiz laboratwa pou popila-syon an, ki tou sèvi pou fòmasyon eti­dyan yo. Paske kòb etidyan yo peye a pa kapab reponn pou tout bezwen ekonomik inivèsite a.

7. Pwomosyon ki gradye deja nan inivèsite a, prezans yo sou mache travay la

Apre 7 ane depi inivèsite a louvri U-ders Ench la kapab di li satisfè anpil pou rezilta li bay. Premye pwomo­syon syans enfimyè nan inivèsite a se te pwomosyon 2012-2016. Yo te patisipe nan egzamen ofisyèl Leta a nan lane 2017, yo te soti dezyèm loreya nan nivo nasyonal. Premye lo­reya se te lekòl Syans enfimyè Okay la. Nan 30 etidyan nan Ench yo te voye yo, 26 nan yo gen lisans yo nò­malman. Sa vle di rezilta a depase 86 %. Jounen jodiya ou ap jwenn yo tout ap travay nan lopital Mibalè, lopital Piyon, lopital Sent Terèz Ench, gen nan yo ou jwenn tou nan Klinik. Lè jèn yo fini, non sèlman li pa difisil pou yo jwenn travay, men inivèsite ede yo jwenn travay tou. Pou jèn ki soti nan fakilte biyoloji a, yo te 20 etidyan ki te gradye, jodiya yo tout ap travay, paske gen yon anpil demann pou sila yo ki soti nan fakilte sa.

Pè Eral fè nou konprann rezilta yo bay la chita sou travay pou travay. Se paske yo travay tankou bonjan pwofesyonèl . Se sa ki fè enstitisyon kote yo ap travay yo rele pou felisite travay k ap fèt la epi genyen tou ki deplase vin vizite pou konprann kote kalite rezilta etidyan Uders Ench la ap bay la soti. Se kalite fòmasyon yo bay isit la ki prepare jèn yo pou bay yon sèvis serye. Se pou sa jèn ki soti nan inivèsite a resevwa yon fòmasyon entegral. Yo ensiste sou konpetans pwofesyonèl ki chita sou aspè teknik ak syantifik men tou sou konpetans etik, emosyonèl, espirityèl, kiltirèl. Se tout imanite a ki pou mache ak syans la. Syans nan dwe konekte ak kon­syans nan. Syans la dwe konekte ak konsyans la. Se ak valè sa yo jèn yo ap etidye isit la, e se kalite jèn sa yo nou voye sou mache travay la.

8. Dènye mo

Pè Eral di Ayiti se peyi ki chaje pwoblèm. An menm tan tou pwoblèm ayiti yo se resous. Paske pwoblèm nan se yon opòtine pou edikasyon. Etidyan yo vin nan inivèsite a pou aprann rezoud pwoblèm, lè l ap aprann rezoud pwoblèm, l ap aprann rezoud pwoblèm peyi. Se poutèt sa Ayiti pa ka devlope san inivèsite, san jèn yo pa resevwa fòmasyon. Nan sans sa Pè Eral di l ap ankouraje Leta ak Legliz la pou yo kapab envèsti nan fòmasyon inivèsitè jèn yo. Li te pran egzanp peyi Etazini ki fè tout gwo pwojè devlopman soti nan inivètsite li yo. Fòk nou rive chanje mantalite ki fè kwè inivèsite se sèlman yon espas pou ansèyman. Wi, se yon espas pou ansèyman, men tou se yon espas pou rechèch epi pou bay sèvis. Pè a fini ak yon mo remèsiman pou Jounal Bon Nouvèl, pou travay l ap fè nan pwo­mosyon lang ak kilti pèp ayisyen.

Pè Gari Basyen, cicm, Dirèk 6

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *