Jounen entènasyonal fanm 2019: objektif zewo diskriminasyon!

Chak ane, nan dat 8 mas, lemond antye selebre avanse ki fèt nan sa ki gen pou wè ak dwa fanm. Se vre depi nan lane 1977 jounen sa a adopte, men reyalite a moutre gen anpil jefò ki pou fèt ankò, paske fanm yo kontinye ap sibi diskriminasyon negatif tout kalite jouk jounen jodiya.

“Tout  moun  fèt  lib  epi  egal  nan dwa  ak  nan  diyite”.  Se  sa  nou  li nan   deklarasyon   Inivèsèl   Dwa Moun   nan.   Deklarasyon   sa   a rezoud tout pwoblèm dwa moun kèlkeswa sèks li, relijyon li, ras li, koulè po li, elatriye. Atik 1 ak 2 nan  deklarasyon  sa  a  pase  anba pye  lè  nou  gade  kijan  yo  konsidere   fanm   nan   sosyete   nou yo. Se poutèt sa yo pale de dwa fanm yon fason separe.

Yo pale sou dwa fanm tou, paske malgre  angajman  yo  pran  pou sa,   okenn   peyi   pa   respekte   l a  san  pou  san  ni  konvansyon Nasyonzini sou eliminasyon tout fòm diskriminasyon k ap fèt sou fanm  yo,  ni  konvansyon  konsèy Ewòp la kont vyolans k ap fèt sou fanm.  Se  pou  sa  plizyè  òganizasyon  chita  sou  yon  seri  lwa  pou yo angaje yo nan soutni lit fanm yo  ap  mennen  pou  dwa  fondamantal yo nan lemond antye.

Fanm   yo   sibi   diskriminasyon chak jou

Li klè nan je tout moun, gen anpil  diskriminasyon  k  ap  fèt  sou fanm  chak  jou.  Nan  espas  piblik yo tankou prive, fanm ap viktim imilyasyon, vyòl, vyolans, tizonnay,  tretman  degradan  ki  pase diyite moun anba pye. Sou chak twa (3) fanm, gen pou pi piti yonn ki sibi vyòl oswa move trètman anvan l mouri.

Daprè yon etid ki fèt, gen anviwon  136  milyon  fanm  nan  40 peyi k ap sibi vyolans.  Anpil fwa bagay  sa  yo  fèt  nan  non  tradisyon  ak  yon  seri  lwa  enjis.  Kèk fwa  genyen  nan  diskriminasyon sa yo ki konn fè medam yo kontan  paske  yo  konn  parèt  tankou dispozisyon ki la pou pwoteje yo. Pa egzanp si yon fi ak yon gason ki  gen  menm  laj,  menm  konpetans, menm eksperyans al depoze  pyès  yo  nan  yon  antrepriz pou travay kòm chofè oswa mekanisyen, yo toujou gen tandans pran   gason   an   pito,   swadizan pou pwoteje fi a pou l pa travay twò di.

Jounen jodiya, fi yo reprezante majorite   nan   628   milyon   jèn ki  san  travay,  san  edikasyon, san  fòmasyon  pwofesyonèl.  Se medam  yo  ki  premye  viktim pwoblèm   ekonomik   la   paske anpil  fwa  yo  pa  gen  chans  rete lekòl ase pou yo kapab antre sou mache  travay  la.  Poutan  peyi  ki manb ONI yo angaje yo pou nan lane  2030,  nou  gen  yon  mond kote  tout  fanm  pral  kapab  gen yon  travay  korèk  kote  y  ap  touche menm kantite kòb ak tout gason  depi  se  menm  travay  la  y ap fè. 

Ki rezon ki fè fanm yo sibi diskriminasyon nan sosyete a?

Rezon  yo  anpil  epi  yo  diferan selon sosyete a, peyi a. Yonn nan rezon  yo  se  paske  yo  se  fanm menm.  Gen  yon  seri  obligasyon sosyete  y  ap  viv  la  ak  fanmi  yomete  sou  do  yo  ki  anpeche  yo etidye epi travay pou yo ka granmoun tèt yo sou plan finansye.

Lilyàn Pyè Pòl, yon fanm vanyan / Sous foto : Entènèt

Yon  lòt  rezon  ankò  se  povrete. Nan yon peyi tankou Ayiti, gen anpil ti fanmi pòv, sitou yon seri fanmi  peyizan,  yo  pa  twò  enterese kite ti fi yo rive lwen lekòl, men yo pito pouse ti gason yo sèlman.  Daprè  INESKO  (UNESCO),  gen  516  milyon  fanm  nan lemond  ki  pa  konn  ni  li  ni  ekri. Pratik sa yo pa kadre ak atik 26 deklarasyon  inivèsèl  dwa  moun nan  ki  rekonèt  dwa  pou  tout moun  jwenn  bon  jan  edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl.

Yon lòt rezon ankò se maryaj twò bonè.  Lè  yo  marye  twò  bonè  ak lè  yo  manman  twò  vit,  fanm  sa yo  vin  pa  gen  mwayen  pou  yo etidye ankò.

Gen anpil lòt vye pratik ankò ki diskrimine  fanm  yo  epi  lakoz  yo gen  mwens  chans  pase  gason yo.  Kòm  sosyete  a  toujou  konsidere yo gen mwens konpetans, anpil fwa yo pa gen chans chwazi metye ki gen plis valè yo pou yo ka  gen  yon  pi  bon  avni.  Sosyete yo  kwè  yon  fanm  se  toujou  yon manman pitit ki dwe okipe l sèlman de pitit li. Li pa gen tan pou l fè karyè, pran pòs reskonsablite, pou yo ogmante kantite kòb l ap touche.

Se fòs kouraj fanm ki ka diminye povrete nan lemond

Nou   gen   tandans   bliye   si   se fanm   yo   ki   prensipal   levye   ki ka  ede  nan  diminye  povrete  a. Jounen   entènasyonal   fanm   se istwa  fanm  odinè  ki  te  fè  istwa. Li  jwenn  rasin  li  nan  lit  fanm  te mennen depi plizyè syèk pou patisipe nan bati yon sosyete kote gen  egalite  ant  fanm  ak  gason.  Kout men medam yo ka pote nan konstriksyon  lapè  ak  nan  sektè politik, ekonomik ak sosyal, se yon bagay nou pa ka neglije.

Egalite ant fanm ak gason dwe konsidere   kòm   baz   solid   kote nou  ka  chita  devlopman  dirab nou tout ta vle a. Konsa tout peyi nan  lemond  dwe  diminye  gwo diferans  ki  genyen  nan  fason  yo wè gason ak fi epi voye jete tout fòm diskriminasyon ak vyolans k ap fèt kont fanm yo.

Tout peyi ta dwe renouvle angajman  yo  te  pran  nan  konferans Peken  an  an  favè  fanm  yo,  vote yon  lwa  entènasyonal  ki  chita sou  lit  kont  iskriminasyon  sou fanm, adopte lwa sou egalite ant fanm  ak  gason  nan  nivo  lokal, nasyonal, rejyonal ak entènasyonal,  pou  medam  yo  ka  rale  yon souf anba enjistis y ap sibi malgre  se  yo  ki  manman  lavi.  Batay pou  dwa  fanm  respekte  pa  dwe yon  batay  pou  medam  yo  sèlman, tout moun dwe mete men pou  n  rive  kaba  diskriminasyon sou tout moun, kit se sou fi kit se sou gason. Se sèl mwayen pou n  rive gen  yon  sosyete byen  balanse kote se jistis, libète, egalite ak fratènite k ap kòmande.

Senjan Lerisen


Egalite fanm ak gason / sous imaj la : Entènèt

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

One thought on “Jounen entènasyonal fanm 2019: objektif zewo diskriminasyon!

  1. Denye nouvel : Jounen entenasyonal fanm 2019 : objektif zewo diskriminasyon ! Jounen entenasyonal fanm 2019 : objektif zewo diskriminasyon ! Chak ane, nan dat 8 mas, lemond antye selebre avanse ki fet nan sa ki gen pou we ak dwa fanm .

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *