Pouki jounen jodiya nou tounen avadra mizèrere ?

Nan okazyon selebrasyon endepandans peyi nou nan ane 2019 la, se anpil moun k ap plenyen, k ap poze tèt yo kesyon, Kisa nou ye? Kisa n ap regle ak Ayiti? Bagay yo tèlman malouk nou prèske pèdi tout espwa, nou santi nou pa gen referans ankò. Men lè nou byen kalkile, nou gen senbòl toujou, nou gen modèl, yon moun nou kapab koute ki pou ban nou yon mesaj. Se nan sans sa a ekriven Franketyèn pote limyè pou fanatik Bon Nouvèl yo pandan l ap di nou kouman nou fè rive kote nou ye la. Epi l ap envite nou pwòpte sèvèl nou.

Pwofesè Franketyèn / Sous foto : Entènèt

Premye janvye 2019, sa fè 215 lane depi zansèt nou yo te pwoklame Lendepandans peyi d Ayiti. Premye janvye 1804 se yon dat enpòtan anpil, se yon dat konsekan nonsèlman nan istwa pèsonèl nou, men nan istwa
tout Limanite. Se premye fwa e yon grenn fwa tou yon kominote esklav kase chenn madichon epi kontinye goumen sou channbatay jouk yo kwape zotobre kolonyalis enperyalis pou yo fonde yon nasyon tounèf, yon nasyon lib endepandan ki dwe chita sou egalite ak fratènite total kapital.

Epòk sa a, peyi esklavajis kolonyalis yo te konsidere peyi Ayiti tankou yon anòmali, yon danje, yon menas, yon sent entèwonp, paske Ayiti se te yon modèl wòdpòt, yon kokennchenn limyè pou tout pèp ki t ap soufri akoukouman anba grif esklavajis aloufa.

An nou sonje zansèt nou yo / Sous foto : Entènèt

Se konsa nou te pote anpil èd bay yon flonn peyi nan Amerik la. Nou ede sitou Simon Bolivar ak Francisco Miranda ki t ap goumen bò pa yo pou Endepandans « La Grande Colombie ».

Ayiti se te yon michan potomitan ki t ap ponpe limyè toupatou sou planèt la. Nou te yon kokennchenn referans ideyolojik estratejik pou anpil konbatan ki t ap chèche wout libète endepandans.

Jou pase. Jou ale. Ane file. De (2) syèk chavire. Lalin chanje katye. Ayiti pèdi fil. Ayiti pèdi van. Ayiti pèdi plim. Ayiti pèdi kap li. Ayiti pèdi chemen limyè. Ayiti pèdi anpil dekowòm. Tout gwo pwojè devlopman, tout mèvèy ak tout rèv melansyèl neye nan toubouyon antonwa fènwa. Nou pa konn kote nou ye ni kibò nou prale.

Gen moun ki di n ap fè bak, n aptchoule annaryè. Gen lòt menm ki di Ayiti kase tèt tounen ap file desann nan katchouboumbe. Depi kèktan nou pòtre avadra drivayè k ap trennen yon kòd mizèrere nan tout kwen, nan tout rakwen, nan tout lòt peyi, nan tout kontinan, jouk nan totolomannwèl.

Gen yon dibital rezon malouk ki makònen yonn nan lòt pou renmèt yon grap dezagreman malè pandje. Sa koumanse depi lè yo ansasinen Janjak Desalin (Jean-Jacques Dessalines) ki t ap reklame jistis ak dwa ekonomik,
politik e sosyal pou tout sitwayen ka viv egalego anndan peyi sa a.

Depi dat sa a, nou tanmen degrengole plonje nan twouhing anba divizyon hinghang chirepit zizani malefik. Nou pa janm kole tèt nou ni kole zèpòl nou ansanm pou nou ta kreye yon veritab Leta-Nasyon. Nou pa janm reyini tankou frè ak sè pou nou ta konstwi yon sosyete nòmal kote tout sitwayen ta santi y ap viv toutbon.

Nou konprann poukisa jounen jodiya anpil ayisyen, sitou jèn yo, blije kouri kite peyi a. Anpil dezolasyon. Anpil dezespwa. Anpil kègrenn. Anpil tristès anmèfyèl. Anpil desepsyon. Pèsonn poko janm ka jwenn yon remèd pou maladi tèt chaje sa a. Sistèm mondyalizasyon-kapitalis la vin angrave pwoblèm yo pi rèd. Migrasyon, egzòd tounen yon kalvè penitans.

Poutan nou dwe kontinye chèche limyè pou klere chemen lèzòm. Nou dwe kwape adorasyon lajan ak byen materyèl k ap trennen limanite lan tenèb.

Sèl bagay mwen sèten: si nou pa pwòpte sèvèl nou ak lespri nou, tout planèt la bata plonje nan fon labim. Se pa sa nou swete pou okenn kretyen vivan. Lavi a se yon konba ki pa gen finisman. An nou leve pye nou pou nou sòti nan marekay-machaka!

Franketienne

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *