« Li vivan, li vle ou vivan tou », Mesaj Pap Franswa voye bay jèn yo ak pèp Bondye a

 « Li vivan e Li vle ou vivan tou! Tout sa Li touche vin jèn, vin tou nèf, vin chaje ak lavi … Li nan ou, li avè ou e li p ap janm abandone ou (no. 1-2) ». Se ak mo sa yo Pap Franswa kòmanse gwo mesaj apostolik sa pou ankouraje jèn yo ak tout pèp Bondye a rete fidèl nan lespri tit mesaj li a « Kris la vivan ». Tèks la se enspirasyon refleksyon ak pataj Sinòd jèn yo ki te fèt nan Vatikan mwa oktòb 2018 la. Li gen 9 chapit ladan li, Jounal Bon Nouvèl pote pou ou nan edisyon mwa sa a 4 chapit, nan edisyon Jounal mwa Jen k ap vini an, l ap pote 5 lòt chapit yo.

1. Premye chapit la : Kisa Pawòl Bon­dye a di sou jèn yo?

Premye chapit la chita sou tèks bi-blik kote jèn yo patisipe nan plan de­livrans la. Nan moman kote yo pa te konn konte anpil sou jèn yo, genyen plizyè tèks nan Labib ki montre nou Bondye te gade yo yon lòt jan. Pa eg­zanp, nan Ansyen Testaman an nou jwenn jèn sa yo tankou Jozèf (Jenèz 37-47), Samyèl (1 Sam 9s), wa David (1 Sam 16, 6s), Salomon (1 Wa 3, 7 s), Jeremi (Jeremi 1, 8s), Rit (Rit 1, 1-18) elat., Bondye te chwazi yo pou l mete yo nan sèvis li, e yo te reponn li, menm lè pafwa yo santi yo twò piti oubyen yo pa santi yo merite jwe wòl sa, yo te di Bondye wi, yo te fè volo­nte l (no. 6-10).

Nan Nouvo Testaman an menm Pap la pran egzanp Parabòl ti banbochè ki te reve fè vi li pou kont li, men ki te lage nan libètinaj ak banbòch. Rezilta chwa li a lakoz li te pase anpil peripe­si, li vin pou kò l, pòv. Men li te kapab leve pou rekòmanse. Pap Franswa di sa se karakteristik yon kè ki jèn, lè lavi a bay leson, li gen kapasite pou li rekòmanse, sitou lè li jwenn moun ki lonje men ba li, tankou papa a. Men sa ki pi di a se gran frè a ki te deja gen yon kè ki fèmen, li kite avaris, egoyis ak anvi anpare l. Jezi fè lwanj jèn ban­bochè a ki retounen sou bon chemen an pito pase sila ki kwè li te toujou fidèl la, men ki p ap viv nan renmen ak kè sansib (no. 12).

Pap la fè nou sonje Jezi toujou rete jèn, li vle fè nou kado yon kè ki tou­jou jèn. Li envite n wete rad vye gran­moun nan sou nou pou nou kapab tounen yon moun nouvo, (cf Kolosyen 3, 9.10). Li pa renmen pou granmoun yo meprize jèn yo. Pou li menm, se pa laj ki etabli privilèj yo, se pa paske yon moun pi piti ki fè li gen mwens valè oubyen li gen mwens diyite (no. 14). Pawòl Bondye a mande n pou n trete pi piti yo tankou frè (1 Timote 5, 1) epi li mande paran yo pou yo pa dekouraje ak pitit yo (Kolosyen 3, 21). Men tou, li rekòmande jèn yo pou gen respè pou ansyen yo, paske eksperyans yo se trezò yo ye, pawòl yo kapab ede yo pa tonbe nan move pa. Se poutèt sa Pap la ankouraje jèn yo gen ekilib nan lavi a.

2. Dezyèm chapit la : Jezikri toujou jèn

Pap Franswa envite nou gade ki sa Levanjil la di nou sou jenès Jezi, sou istwa lavi li lè li t ap grandi tou jèn. Levanjil la di nou lè li te batize, Papa l te kontan anpil paske li te prè pou l konsakre li toubon vre nan misyon lavi li : « ou se pitit mwen renmen anpil la (Lik 3, 22) ». Lik pale nou tou lè paran li yo te pèdi li epi yo te vin jwenn li nan tanp la (Lik 2, 41s) (no. 26). Pap la di n, se pa pou nou panse Jezi te yon jèn ki te mete kò l akote pou kont li. Li te tabli bon jan relasyon ak moun yo nan fanmi li ak nan mitan pèp li a (no. 28). Li te byen entegre nan sosyete l la, li te aprann metye papa li Jozèf. Aspè sa yo nan lavi Jezi dwe fè pati Pastoral Jèn yo, pou n pa kreye pwojè ki separe jèn yo ak fanmi yo, ak mond lan, tankou yon ti gwoup seleksyone pou evite yo vin kontamine. Okontrè, se pou n kreye ak yo pwojè k ap akon­paye yo fè rankont avèk lòt jèn, pou mete yo nan sèvis lòt, ak pou patisipe nan misyon Legliz la (no. 30).

Se nan sans sa Legliz la dwe mache. Pap Franswa mande Bondye pou li li­bere Legliz la anba moun ki vle rann li vye, toujou rete estope nan pase, san li pa renouvle. Li mande Bondye pou li delivre l tou anba tantasyon ki vle l aksepte tout sa mond lan ofri l pou l ka montre li jèn; nan kache mesaj li a epi nan imite lòt, se pa konsa l ap vin jèn. Legliz la jèn, lè li rete fidèl a li menm, lè li resevwa pawòl Bondye a ki toujou nouvo, nan selebrasyon lamès la, nan prezans Kris la ak fòs Lespri li a ki la chak jou (no. 35).

Pap la ap poste ak jèn yo / Sous foto : Entènèt

Legliz la ka pèdi flanm li e li ka tonbe nan chèche fo sekirite nan mond la. Men se jèn yo ki kapab ede li rete jèn pou li pa tonbe nan kòripsyon, pou li pa enstale l, pou li pa vin ògèye, pou li pa tounen yon sèk, pou li pi pòv, pou li bay plis temwayaj, pou li pi pwòch modès, pou li batay pou jistis. L ap rete jèn lè li prezante kalite rèv mond sa pa ka ofri. (no. 36). Pou an­pil jèn jounen jodiya Bondye, relijyon ak Legliz se yon bann mo vid, men yo sansib ak figi Jezi a lè yo prezante l yon fason ki kòrèk, ki atiran. Se pou sa, Pap Franswa fè nou konprann, Legliz la pa bezwen bay tèt li twòp atansyon, sèl bagay li bezwen fè se (reflete) sanble ak Jezi. Sa ap mande tou pou li gen sajès ak modesti pou li chanje kèk bagay (no.39).

Gen jèn ki twouve prezans legliz la dezagreyab akoz tout kalite eskandal y ap tande yo: seksyèl, ekonomik, minis sakre ki pa rive adapte yo ak sansiblite jèn yo, ki manke prepare prèch yo epi ki mal prezante pawòl Bondye a, elatriye. Gen jèn ki di Le-gliz pa koute ase, li pa dwe toujou ap kondane mond la. Yo pa renmen yon Legliz k ap goumen tout tan sou kèk grenn sijè doktrinal e moral (no. 40). Yon Legliz ki toujou ap defann tèt li, ki pa gen imilite, ki pa koute, ap pèdi jèn yo epi l ap tounen yon mizè. Pou li vin gen konfyans jèn yo, Legliz la bezwen rejwenn sajès li, se pou li aprann koute pi plis. Nan sans sa a li bezwen aprann anpil sou manman Mari (no. 43)

Pap la pran kòm egzanp revandi­kasyon fanm yo k ap mande plis jistis ak egalite. Legliz la dwe sonje istwa l pou rekonèt gen yon tranch istwa kote yo te viktim anpil abi ak anpil fòm vyolans nan men gason. Legliz kapab aksepte revandikasyon yo epi travay pou gen plis patisipasyon, pi bon relasyon, menm si li pa toujou dakò ak kèk gwoup feminis. Nan sans sa a Sinòd la kondane tout diskrimi­nasyon ak tout vyolans ki gen rapò ak oryantasyon seksyèl (no. 42).

3. Twazyèm chapit la : Nou se pre­zan Bondye a

Nou souvan renmen di jèn yo se avni mond lan, kòmsi jodiya pa pou yo. Non, yo se prezan, yo kontribye pou mond la vin pi rich. Sinòd la rekonèt fidèl Legliz la pa te toujou gen menm konpòtman ak Jezi. Se pou sa fòk nou koute yo, menm lè tandans ki egziste depi lontan se eseye ba yo repons tou prepare. Nou toujou gen tandans tou, nou menm granmoun yo, pou fè yon gwo lis defo jèn yo genyen. Bagay sa kreye plis distans nan rela-syon yo (no. 66). Pap Franswa envite pè yo devlope kapasite pou rekonèt potansyalite jèn yo genyen epi ba yo valè, sitou kote lòt moun wè danje oubyen pwoblèm. Se pou n chèche dekouvri ti flanm k ap soufle a pou ede l grandi.

Jèn yo ap viv nan yon mond ki chaje kriz. Gen anpil jèn k ap viv nan lagè, gen anpil yo eksplwate epi ki viktim anlèvman, krim òganize, trafik seks­yèl ak vyòl (no.72). Gen anpil yo iti-lize tankou enstriman pou detwi, pou entimide lòt. Men anpil nan yo ap viv pou kont yo tou, yo vin pa fè pèsonn moun konfyans, yo tounen enstriman fasil nan men gwoup poli­tik ak pouvwa ekonomik. Tèks Pap la di Legliz la pa ka pa montre li sansib devan kalite dram jèn sa yo ap soufri. Li mande jèn yo fè atansyon ak kalite èd n ap bay pou l pa sanble ak èd gwo zotobre yo ak òganis entènasyonal yo ki anpil fwa vini ak lòt entansyon tankou kolonizasyon ideyolojik ki plis mete jèn nan yo pwoblèm (no. 78).

Pap la di jèn yo rekonèt kò yo ak seksyalite yo gen yon enpòtans kapi­tal pou lavi yo ak devlopman idantite yo. Men nan mond sa k ap pouse seksyalite a depase, li difisil pou yon moun gen yon bon relasyon ak kò li ak yon bon relasyon afektiv. Se sa ki fè moral seksyèl la souvan lakoz moun pa konprann epi kreye distans ak Legliz la, lè yo konsidere l tankou espas pou jije epi kondane moun (no. 81). Men fòk nou di devlopman lasyans sou teknoloji biyomedikal yo kapab fè nou bliye lavi se yon don e nou menm se kreyati nou ye, nou gen limit (no. 82).

Nan tèks la Pap la fè referans ak twa tèm ki gen anpil enpòtans jounen jodiya : rezo sosyal yo, migran yo epi pwoblèm abi sou minè yo. Zafè rezo soyal yo, li rele mond nimerik la, kreye yon lòt fason pou kominike, li fasilite enfòmasyon ale pi rapid epi tou yon fason endepandan. Jodiya nan anpil peyi, rezo sosyal yo se es­pas ki pi fasil pou rive jwenn jèn yo paske non sèlman yo jwenn enfòma­syon, men tou yo aprann anpil bagay e li pèmèt yo kreye relasyon ak lòt. Se nan sans sa a se yon bèl opòti­nite pou dyalòg, rankont ak pataj ant moun (no. 87).

Menm jan ak tout sa lèzòm kreye, mond nimerik la gen limit li. Li tounen yon espas ki kreye solitid, manipila-syon, eksplwatasyon ak vyolans. Me­dya yo kapab rann jèn yo depandan, li kapab izole yo e konsa, piti piti, y ap pèdi kontak ak reyalite a, li antrave devlopman bonjan relasyon moun ak moun. Plis pase sa a li tounen yon es­pas pou pònografi ak eksplwatasyon moun nan nivo seksyèl (no. 88). Pap la di nou pa dwe bliye se yon mond ki gen gwo enterè ekonomik k ap jwe ladan l, li fasilite fo nouvèl (fake news). Jèn yo menm rekonèt rela-syon sou entènèt yo kreye pwoblèm, yo favorize migrasyon nimerik, sa vle di yo separe yo ak fanmi ou ak valè kiltirèl, relijyez ou genyen yo (no. 90).

Pap Franswa konsidere migrasyon an tankou yonn nan tèm ki fè deba nan tan n ap viv la. Se anpil jèn ki twouve yo angaje nan zafè migrasyon an. Sa ki preyokipe Legliz la se sitou sila yo ki kouri kite lagè, vyolans, pèsekisyon politik oubyen relijyez, katastwòf natirèl chanjman klimatik la lakoz ak lamizè. Se jèn k ap chèche yon opòti­nite, ki reve yon pi bon kalite lavi. Yo sibi tout desepsyon, yo eksplwate fe­blès yo pou rezon politik, pandan lòt mantalite diskriminasyon ap devlope kont yo nan anpil peyi (no. 92). Legliz la gen yon wòl pou jwe kòm referans pou jèn ki soti nan fanmi ki separe yo akoz migrasyon yonn ou plizyè manm nan mitan yo. Legliz la dwe fè dekouvri sa migran yo reprezante tou nan peyi ki akèyi yo a, opòtinite pou kreye richès ak devlopman ente­gral moun.

Kansè yo rele abi sou minè yo (timoun yo) se yon fenomèn istorik ki repann nan tout kilti ak nan tout sosyete, sitou anndan fanmi yo, ak anpil lòt enstitisyon. Se pa paske ou jwenn li toupatou ki fè li pa anòmal anndan Legliz la. Nan kòlè moun yo, Legliz la wè kòlè Bondye tou (no. 93). Sinòd la pran angajman an favè mezi ki sevè yo dwe adopte kòm prevan­syon pou anpeche bagay sa tounen repwodwi. Pap la di, yo p ap neglije aplike mezi ak sanksyon ki nesesè yo pou sa (no. 97).

Genyen diferan tip otorite: abi pou­vwa, abi ekonomik, abi konsyans, abi seksyèl. Fòk nou rache tout egzèsis otorite kote yo sere a epi lite kont absans reskonsablite ak transparans ki te gen nan tretman anpil ka. Anvi pouvwa, absans dyalòg ak transpa-rans, vid espirityèl ak frajilite sikolojik se tèren an menm tan pou kòripsyon taye banda (no. 98). Klerikalis la se yon tantasyon pèmanan pou Pè ki entèprete ministè l tankou yon pou­vwa pou domine moun e non tankou yon sèvis gratis pou ofri.

Pap la remèsye moun yo ki te gen kouraj pou denonse mal yo sibi a, grasadye Pè yo ki tonbe nan kalite krim sa yo pa reprezante majorite k ap reyalize misyon yo yon fason fidèl epi ak lacharite (no. 99).

Pap la mande jèn yo, lè yo wè yon Pè an danje k ap angaje li nan yon move wout, se pou yo gen kouraj pou fè li sonje angajman li devan Bondye e devan pèp li (no. 100). Legliz la pa pè montre peche manm li yo komèt. Men pa bliye nou pa abandone yon manman lè li blese (no.101). Moman sa, ak èd tout jèn yo, li kapab yon okazyon pou reyalize yon gwo refòm istorik nan Legliz la pou debouche sou yon nouvo Pannkot (no. 102).

4. Katriyèm chapit la : Gran anons pou tout jèn yo

Pap la anonse jèn yo twa (3) gran verite :

  1. Bondye se renmen, sa vle di li renmen ou. Pa janm mete sa an dout. (no. 112) e ou kapab plonje ak tout konfyans ou nan bra Li (no. 113). Memwa yon papa pa tankou yon « anrejistreman» k ap anrejistre epi mete nan achiv tout sa nou fè. Memwa li se yon kè ki gen tandrès, konpasyon, ki toujou prè pou efase tout mal. Renmen Bondye a chèche korije ou pase pou fè ou tonbe, li vle rekonsilyasyon olye entèdiksyon, li chèche bay yon lòt chans pase pou kondane, li pa rete kanpe nan sa ki pase (no. 116).
  2. Jezikri sove ou. Pa janm bliye li padone swasanndis (70) fwa sèt (7) fwa. Li tounen vin mete nou sou zepòl li yonn apre lòt, sitou lè nou te pèdi (no. 119). Renmen Granmèt la pi gran pase tout kontradiksyon nou yo, pase tout peche ak tout feblès nou yo. Padon li a ak delivrans li a se pa bagay nou ka achte, oubyen nou kapab jwenn ak zèv epi efò nou yo. Se gratis li padone nou epi li delivre (no. 121).
  3. Li vivan. Jezi toujou vivan. Se pou nou di sa souvan paske nou kapab pran Jezikri tankou yon bon modèl lontan, tankou yon souvni, tankou yon moun ki te sove nou plis pase de mil (2000) ane pase. Non, Li vivan, e se yon garanti byen an kapab fè che­men l nan lavi nou, li prezan epi l ap mache ak nou (no. 127).

Nan twa verite sa yo, Pap Franswa fè parèt Papa a ak Pitit la. Men kote yo ye, Lesprisen an la tou. Se nan sans sa a li envite jèn yo envoke chak jou Lesprisen an pou klere lavi yo epi ba yo bon jan direksyon (no. 131).

Pè Gari Basyen, CICM Dirèk 6

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *