MESAJ PAP FRANSWA (PAPE FRANÇOIS) NAN OKAZYON 52ÈM JOUNEN MONDYAL KOMINIKASYON SOSYAL YO

Nan okazyon Jounen mondyal kominikasyon sosyal yo, ki selebre chak 13 Me a, Pap Franswa (pape François) ekri yon mesaj kote li envite tout moun alawonnbadè pou l di yo zafè kominikasyon an pa ta dwe yon zam pou kreye konfli, li ta dwe yon mwayen pou kreye tètansanm, pou bati lapè. Jounal Bon Nouvèl ap pataje ti moso nan mesaj sa a ki pote non sa a : Laverite ap rann nou lib. Fo Nouvèl epi metye jounalis la pou lapè.

Frè m ak sè m yo,
Nan plan Bondye Papa a kominikasyon lèzom se yon bagay fondalnatal pou kreye kominyon nan mitan nou. Bondye te kreye nou potre ak li, pou nou kapab pataje sa ki byen, sa ki bèl, epi tout sa ki laverite. Men sa ki vin
pase, nou kite lògèy ak egoyis anvayi nou, nou itilize kapasite nou genyen pou kominike a mal. Se sa nou jwenn nan tèks biblik Lajenèz la ki pale sou Kayen ak Abèl, epi sou Tou babèl la (Jenèz 4, 1-16 ; 11, 1-9).

Egzanp sa yo, se siy ki parèt lè moun fè sa l vle ak laverite, li defòme l. Men lè nou rete fidèl nan menm lojik Bondye a, kominikasyon an vin tounen zouti k ap chèche laverite pou byen tout moun. Jodiya nan kontèks sa kote kominikasyon an vin pi rapid chak jou, gen yon fenomèn k ap devlope ki se « Fo Nouvèl », sa yo rele nan lang anglè « Fake news » la. Bagay sa envite m pran yon ti tan pou pale ak nou sou laverite. Se yon fason pou m kontribye ak angajman tout moun ap pran pou evite pataje Fo nouvèl anndan sosyete a, ede nou dekouvri tout valè pwofesyon jounalis la genyen, epi reskonsablite chak moun genyen pou yo kominike laverite.

1.- Kisa ki fo nan « Fo nouvèl yo (Fake news ) » ?

Fake news la se mo ki eksplike sa yo rele move enfòmasyon k ap sikile sou liy entènèt la oubyen nan medya tradisyonèl yo. Lè yo pale n sou Fo nouvèl yo pale sou enfòmasyon ki san fondman, li pa chita sou anyen yo ka pwouve. Objektif li se twonpe moun, manipile lektè yo. Yo itilize yo pou
yo kapab enfliyanse chwa politik yo epi favorize enterè ekonomik yo.

Fake news yo efikas anpil paske yo sanble ak laverite. Yo fo, men yo sanble reyèl epi y ap twonpe destinatè yo fasilman, paske yo chèche antre andan reyalite sosyal yo, pandan yo apiye yo sou prejije ki egziste andan sosyete a
deja, yo eksplwate epi pwovoke emosyon yo k ap fè moun pè, antre an kòlè, epi meprize moun. Pou transmèt yo yo apiye sou kapasite yo genyen pou manipile rezo sosyal yo, k ap pèmèt enfòmasyon yo gaye toupatou. Se sa
ki fè li difisil pou elimine yo paske preske tout moun ap patisipe ladan l san yo pa rann yo kont. Lè yon moun ta vle fè yon dyalòg konstriktif kont fenomèn nan, li fasil pou tonbe nan pyèj moun k ap ede yo jwenn plis viziblite epi ou tou tounen yon aktè Fo nouvèl.

Materyèl ki bay nouvèl
Sous foto : Entènèt

Dezenfòmasyon sa se yon dram k ap chèche jete diskredi sou moun yo gen pou lènmi, yo chèche kreye divizyon ak konfli. Pa gen lòt rezilta l ap bay pase ogmante rayisans nan mitan moun ak manti.

2.- Kòman nou kapab rekonèt Fo nouvèl yo ?

Pa gen moun ki pa konsène nan batay pou kontrekare fo Nouvèl yo, menm si li pa fasil. Se pou sa n ap fè lwanj tout inisyativ k ap montre nou konprann, epi ede nou evalye kontèks kote kominikasyon an ap dewoule
a pou nou pa tonbe nan pyèj mete n nan sèvis yo san nou pa rann nou kont. Men se pou nou tounen aktè k ap devwale yo. N ap fè lwanj tou pou tout enstitisyon e sitou enstitisyon jiridik yo k ap chèche defini lwa pou frennen
fenomèn nan, menm jan ak sosyete Teknoloji ak Medya yo, k ap travay pou defini lòt kritè pou verifye idantite moun ki kache dèyè pakèt milyon pwofil
nimerik yo.

Pou nou kapab rive jwenn bout fake news yo, fòk nou demaske sa yo rele « lojik sèpan an » ki kapab kache l pou li mòde ou san ou pa konnen. Se estrateji sa sèpan rize yo itilize, tankou nan liv lajenèz la. Nan kòmansman limanite, sèpan an te premye bay « fake news » nan listwa (lajenèz 3, 1-15). Konsekans li se peche ki vin lakoz premye asasinay nan mitan de (2) frè (Lajenèz 4), ak anpil lòt pwoblèm li koze nan mitan sosyete a, nan relasyon ak Bondye, epi tou ak lanati.

Li itilize yon estrateji pou sedwi moun, yon fason pou antre nan kè yo ak fo agiman men ki atiran. Se te sa ki te rive nan chapit labib nou sot pale la sou peche orijinèl la. Sèpan an twonpe Èv, li sedwi li ak yon pawòl ki sanble
kredib, « Bondye konnen jou ou manje fwi pye bwa sa a, je ou ap louvri, ou ap tankou dye yo, ou ap konn byen ak mal » (Lajenèz 3, 5). Mesaj sa fè nou konprann pa gen dezenfòmasyon ki inofansif, lè ou kwè nan sa ki fo a, sa k ap pwodwi yon konsekans grav nan lavi ou.

Pi gwo pwoblèm nan se anvi nou yo. Si Fake news yo vin viral jouk nou pa ka kontwole yo, se pa paske medya sosyal gen kapasite pou pataje l anpil, men se poutèt anvi san fen an ki anndan nou an. Se menm motivasyon
ekonomik yo ki motivasyon fake news yo. Yo pran rasin nan foli pouvwa, foli richès ak plezi. An reyalite se twonpe y ap twonpe nou pou fè nou tonbe nan fè sa k mal, nan manti sou manti k ap rache libète nou. Se konsa l ap
rann nou esklav mechanste ak mal.

3.- Laverite a ap rann nou lib (Jan 8, 32)

Yon òdinatè pou bay enfòmasyon
Sous foto : Entènèt

Pap la itilize tèks biblik Levanjil Jan an pou envite nou defann nou kont viris sa yo rele manti a. Antidòt la se laverite a. Se konsa nou wè Dostoïevski ki di « moun ki bay tèt yo manti epi ki koute pwop manti li yo, ap rive yon moman li p ap kapab dekouvri laverite a ankò ni nan li menm ni bò kote li ». Nou pa kapab swiv aktè dezenfòmsayon sa yo paske y ap mennen nou nan fènwa. Se laverite a k ap kondi nou nan lavi a, l ap mennen nou nan limyè, l ap ban nou konfyans ; se yon fòs pou nou apiye pou nou pa tonbe. Se Jezi menm pitit Bondye a ki di « mwen se laverite a » (Jan 14, 16), e se « laverite a k ap rann nou viv lib (Jan 8, 32).

Gen de (2) bagay nou pa kapab manke pou pawòl ak jès nou yo kapab chita sou laverite, epi bay konfyans : libere n sot anba manti, epi chèche relasyon.
Pou dekouvri laverite, se pou nou chèche konprann kisa k ap pèmèt nou met tèt ansanm, epi k ap travay pou sa ki bon. Laverite a se pa yon bagay ou kapab enpoze, li soti nan bon jan relasyon moun ak moun, kote yonn ap koute lòt. Dayè, nou pa janm bouke chèche li, paske toujou ka gen fo bagay k ap vle antre ladan li. Yon enfòmasyon kapab apiye sou reyalite, men si yo ilize l pou blese yon moun, jete diskreti sou moun, pa gen laverite ladan l. Si nouvèl ap kreye polemik, kreye divizyon, li pa chita sou laverite. Men si li ede nou reflechi ak matirite yon fason reskonsab, si li ede nou konstwi
dyalòg, nou kapab dekouvri sa ki laverite a.

4.- Vrè nouvèl la se lapè

Pi bon antidòt kont tout sa ki fo yo, se moun yo e sitou sila yo ki gen devwa pou enfòme, sa vle di jounalis yo, yo se gadyen nouvèl yo. Jounalis la p ap fè sèlman yon metye, men se yon vrè misyon li genyen. Li gen rekonsablite pou li fè sonje nan mitan tout enfòmasyon yo, sa ki pi enpòtan se pa vitès transmisyon an epi efè li fè sou odyans nan (destinatè yo), sa ki pi enpòtan
an se moun yo menm. Kidonk enfòme se fòme, li gen pou wè ak lavi moun yo. Se poutèt sa, si sous enfòmasyon yo egzak, epi kominikasyon an fèt ak swen , li kapab kontribye anpil nan yon vrè pwosesis devlopman k ap kreye konfyans, ouvri posiblite pou viv nan tètansanm epi konstwi lapè.

Se nan sans sa a, Pap Franswa envite pou fè pwomosyon pou yon metye jounalis pou lapè, san l pa vle di yon metye k ap fèmen je sou tout grav pwoblèm ki genyen andan sosyete a. Men sa li vle di , se yon metye jounalis
san koken, ki p ap twonpe moun, ki pa nan fo nouvèl k ap voye eslogan ak gwo deklarasyon grandyoz, se yon metye ki fèt pou sèvi moun, sitou pou sila yo ki pa gen vwa, yon metye ki p ap boule nouvèl yo, men ki angaje li nan chèche vrè koz konfli yo, pou ede moun konprann yo, yon metye k ap montre solisyon altènativ devan tout pil bwi ak vyolans vèbal ki egziste yo.

An nou pwofite yon lapriyè fransisken pou nou kapab dirije nou bay Bondye ki se Laverite a : Granmèt, fè nou tounen zouti pou lapè ou la Fè nou rekonèt mal ki enfiltre nan yon kominikasyon ki pa kreye tètansanm Fè nou kapab retire tout pwazon ki nan jijman nou yo (refleksyon) Ede nou pale ak lòt yo tankou frè ak sè Ou se yon Bondye fidèl ki bay konfyans ; fè pawòl nou tounen bon semans pou mond la : Kote gen kabouya, se pou nou aprann koute; kote k gen latwoublay, se pou nou chèche inyon; kote ki genyen eksklizyon, se pou nou mete pataj; kote ki genyen prejije, se pou nou kreye konfyans; kote ki genyen vyolans, se pou nou pote respè; kote ki genyen fo diskou, pou nou pote lapè.

Pè Gari Basyen, CICM
Dirèk 6

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *