CHAPO BA POU TOUT FANM SOU PLANÈT LA!

8 mas sa a fè 41 lane depi ofisyèlman Oganizasyon Nasyon Zini dekrete se jou pou yo rann omaj bay tout fanm sou latè. Nan okazyon sa a Jounal Bon Nouvèl pote pou nou yon bèl refleksyon Madam Mari Andre Etyèn (Marie Andrée Étienne) ap pataje ak nou sou gwo batay sa a fanm yo te livre pou
yo te kapab jwi tout dwa yo genyen. Li poze pwoblèm k ap pase jounen jodiya sou zafè abi seksyèl fanm yo ap sibi ki se yon kansè tounen nan anpil peyi.

Si nou fè yon tikout je dèyè, nou ka wè menm lè fanm yo divize lan kwayans yo, lan koulè po yo, lan lang yo pale, lan kilti yo, yo te met tèt ansanm pou yo mennen yon batay depi 100 lane pou egalite, lajistis, lapè, respè dwa yo ak devlopman.

Depi 18èm syèk Olenp de Gouj (Olympe de Gouges), yon ekriven franse te ekri : « Deklarasyon dwa fanm ak sitwayen »  (La Déclaration des droits de la
femme et de la citoyenne). Nan 20èm syèk la se te yon lòt fransèz Simone de Beauvoir ki te pran tèt mouvman liberasyon fanm yo. Nan ti rechèch mwen fè, mwen jwenn 70% pòv sou planèt la se fanm. Pousantay fanm analfabèt rive 66%. Gen anpil minis kondisyon feminin isit lan peyi nou ki
fè gwo travay konsyantizasyon ak mobilizasyon fanm yo lan zafè peyi a. Men tousa pa sifi.

Fanm reprezante mwatye popilasyon mondyal la ; lan peyi Dayiti yo reprezante 52%.

Gen yon fenomèn ki fè tout moun ap pale, ki fè anpil fanm leve kanpe. Yo rele li « Harcèlement sexuel » (abi seksyèl). Gen yon mouvman ki koumanse depi ane pase nan peyi Lafrans kote plizyè fanm akize gwo zotobre ak
otorite politik tankou palmantè yo ki abize yo. Mouvman sa a pral reyini fanm lan 50 lòt peyi nan Ewòp la. Li pral kontinye lan peyi Etazini. Fanm amerikèn yo akize anpil gwotèt lakay yo. Pran depi depite, senatè, aktè sinema jouk dènye ka kote yon doktè lan yon sant espòtif fè abi seksyèl
sou yon pil timoun ki pote plent pou li. Yo jije l. Li gen pou l pase tout rès vi li lan prizon.

Men fanm yo pa mennen batay sa a pou kont yo. Gen gason ki kanpe bò kote yo. Nou jwenn yon latriye ekriven, atis ak filozòf ki, lan anpil peyi, goumen rèdchèch kont enjistis fann ap sibi anba pouvwa gason k ap toupizi yo.

Konsa nan peyi lakay nou gen yon michan pyès teyat yo rele KASELEZO ki te pran pozisyon kont sa yo rele matchis oubyen anti-feminis. Se ekriven dramatij Franketyèn ki te ekri pyès saa lan lane 1983. Jouk jounen jodya y ap jwe pyès sa chak ane isit oubyen lòtbò dlo. 3 fanm leve kanpe kont yon sistèm enjistis sosyete a mete pou peze fanm yo. Nou gen dwa site tou yon woman Franketyèn pibliye ane pase : “La marquise sort à cinq heures”. Nanliv sa a se yon fanm k ap eksprime tout kolè l kont yon sistèm ki la depi lontan pou kraze fanm, maspinen fanm, aneyanti fanm.

Erezman gen anpil pwogrè ki fèt. Nan anpil peyi mizilman kounye a yo pèmèt fanm yo kondui machin, kondui avyon, retire vwal yo sou tèt yo. Tout chanjman sa yo posib gras a tout rèl anmwe lòt fanm parèy yo te fè lan tout peyi.

Nou swete pou konbit solidarite sa a, konbit renmen sa a, konbit pataj, sa yo bay tout fanm fòs ak kouray pou fè chanjman lan sosyete yo tankou dwa a ledikasyon pou toutmoun, dwa a lasante, egalite salè epi eliminasyon tout fòm vyolans.

Nou konsyan planèt la ap mache mal sitou paske gwo chabrak yo pa janm bay fanm yo yon plas lan jesyon sosyete yo. Men batay la ap kontinye toutotan gen fanm k ap mouri anba men gason. Li poko ka fini. Mwen swete tout sè mwen lan peyi Dayiti ansanm ak tout lòt kote sou planèt la yon Bòn fèt.

Marie Andrée Manuel Etienne

Share Button

Ou ka byen renmen sa yo tou

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *